Nan yon nòt ki gen dat 23 fevriye 2025 lan, biwo konseye prezidansyèl Fritz Alphonse Jean mande bandi ak kravat yo ki kreye gang yo nan peyi a frennen zak ensekirite a nan peyi a.
Nan nòt sa, konseye a lonje dwèt sou bandi ak vès yo kòm moun ki fè gang yo mete peyi a nan nivo sa, li di tou, li te aprann ak anpil lapèn lanmò polisye Steeve Emmanuel Laguerre ki te tonbe anba bal bandi jou ki te mèkredi 19 fevriye 2025 lan. Polisye sa te pèdi lavi l nan katye Fò Nasyonal anba bal bandi nan kad batay ki te genyen nan zòn sa.
Ekonomis lan nan menm moman an di menm jan ak lanmò polisye a, nouvèl disparisyon sòlda Misyon Sekirite ak Soutyen an (MSS) afekte l tou. Se nan sans sa, li fè bandi ak kravat ak sila ki kreye bandi ak sapat yo konnen lè a rive pou kanpe machin ensekirite a. Daprè sa l di, se gang ak sapat yo k ap detwi byen ak lavi moun.
Biwo mesye Alphonse lan mande gang ak kravat yo mete fren nan zak vyolans yo paske, selon sa l di, lè a rive pou kreye richès ak lapè kote tout sitwayen ap ka viv tankou moun. Pandantan li soulinye limyè ak jistis dwe fèt sou sitiyasyon Ayisyen ap viv la.
N ap soulinye, konseye prezidan Fritz Alphonse Jean pa sèl moun ki kwè se bandi ak vès yo ki mete peyi a nan nivo sa. Nan dat, 18 fevriye pase a nan yon konferans pou laprès, pòt pawòl adjwen Polis Nasyonal Ayiti a (PNH), Lionel Lazarre te revele zak bandi yo gen konplisite anpil aktè nan peyi a tankou ansyen senatè ak minis.
Atik sa se pwopriyete prive © Gwoup Medya MAGHAITI 2025