Nan yon seremoni ki fèt nan Vila akèy jodi vandredi 7 mas 2025 lan, konseye prezidan Fritz Alphonse Jean ofisyèlman pran tèt Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (KPT). Nouvo prezidan an ranplase nan pòs sa prezidan sòtan an, Leslie Voltaire. E li se twazyèm prezidan KPT a nan prezidans tounant aktè politik yo te siyen an.
«Nou dwe aji vit pou frennen vyolans la» se sa ekonomis lan deklare nan lide pou montre angajman l nan batay kont ensekirite a. Se sa k fè li fè konnen li enpòtan pou yo ranfòse lapolis ak lame nan tèt kole ak Ministè sante piblik ak popilasyon peyi a. E li soulinye jan li enpòtan pou gen yon gwo bidjè pou fè fas kare ak sitiyasyon ensekirite peyi a ye a.
Pi lwen, li anonse gen yon pwotokòl akò ant lame ak Brigad pwoteksyon lè Pwoteje (BSAP). Selon li menm, se yon fason pou kapab pwoteje fwontyè yo sitou lanmè a. Li pale tou sou nesesite ki genyen pou relanse ekonomi peyi a e mande pou tout moun sipòte Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (KPT) nan demach sa a.
Fritz Alphonse Jean fèt nan lane 1956 nan vil Okap. Li se ekriven epi ekonomis. Nan lane 1996 li te nonmen vis gouvènè Bank Repiblik Ayiti (BRH). Sòti 1998 pou rive nan lane 2001, li te vin monte nan pòs gouvènè menm bank sa a.
N ap soulinye, tankou prezidan sòtan an, Leslie Voltaire, te pwomèt li, nouvo prezidan KPT a di li menm tou li angaje l pou batay kont ensekirite a an Ayiti. Pandan diskou pa li a, Leslie Voltaire te tou pwofite felisite tout polisye, ak sòlda miltinasyonal yo k ap travay toupatou pou mete lapè an Ayiti. Se pou sa li deklare : «Maryaj pèp, lapolis ak lame ap toujou mete ensekirite a kaba».
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2025