Nan okazyon yon lane siyati akò 3 avril 2024 la, prezidan Konsèy la, Fritz Alphonse Jean deklare jodi jedi 3 avril 2025 la y ap tabli sekirite nan peyi a. Nan diskou sa a, chèf la fè konnen yo tande kri pèp la e raple divès pwomès Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (KPT) te fè yo. Se poutèt sa a, li envite tout popilasyon an ki ap kouri toupatou nan peyi a pou fè yon sèl ak lapolis pou kwape machann dwòg, ak machann bal k ap bay peyi a pwoblèm nan.
«Pèp ayisyen nou ba nou garanti, vle pa vle KPT a ap retabli sekirite nan peyi a pou nou rejwenn lavi ak lapè», se pawòl sa yo prezidan Konsèy la deklare. Se sa k fè, li soulinye batay la pa fasil pou yo, puiske yo fas ak yon bann machann dwòg, bal, ak trafikan ògàn. Men, li di li rete kwè y ap genyen batay sa a kanmenm.
Nan lapawòl sa li pran an, Fritz Alphonse Jean raple tout pwomès KPT a te fè popilasyon an, sitou sa ki gen pou wè ak sekirite epi lapè. Li pa mete dlo nan bouch li pou fè konprann gwo ennemi pèp sa a se mafya nasyonal ak entènasyonal k ap sèvi ak pitit peyi a pou fè Ayiti mal.
Selon li menm, se detèminasyon fòs lòd yo, kouraj popilasyon an ak kontribisyon entènasyonal la ki ka mete Ayiti deyò nan pwoblèm sekirite sa a. Se poutèt sa, li voye gwo kout chapo pou otorite dominikèn yo ki te pran mezi pou sanksyone trafikan zam yo te kenbe nan pò Haina e ki te dwe vin Ayiti. Li salye tou prezidan Kolonbyen an, Gustavo Petro, ki nan kèk deklarasyon te rekonèt peyi li a konplis nan trafik dwòg nan peyi a.
«Nou tande kri nou, nou tande tribilasyon n ap viv la, soufrans nou anpil», toujou daprè pawòl prezidan KPT a ki ap eseye bay pèp la lespwa pandan yo menm yo ap kouri pou bandi tout kote, tout jounen. Se nan sans sa a, li fè konprann lakou a dwe wouze, yon fason pou fwennen gang yo. Men, li avèti tout moun pou di yo fè atansyon pou yo pa pran nan move je.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2025