Ministè Enteryè ak Kolektivite Teritoryal (MICT) fè 2 enstalasyon enpòtan nan jounen ki te lendi 30 jen 2025 lan nan lokal ministè a. Moun sa yo se se Fréderica Raphaël ki pran fonksyon kòm direktris Resous Imèn (DRH), ak Elvire Joseph ki pran tèt Inite Kòdinasyon Delegasyon ak Vis-Delegasyon (UCVDV).
Nan sikonstans lan Minis enteryè a, Paul Antoine Bien-Aimé fè konnen chanjman sa yo se yon pati nan jefò y ap kontinye fè pou bay Direksyon Teknik yo plis dinamis epi amelyore fonksyonman enstitisyon an. Se sa k fè, li mande pou doktè Raphaël travay avèk metòd, epi pou fè tout nominasyon ak pwomosyon yo sou baz merit ak nan respè règleman yo. « Li dwe kolabore sere sere ak Biwo Jesyon Resous Imèn (OMRH) ak Ministè Ekonomi ak Finans (MEF) pou elimine tout nominasyon ki pa regilye », daprè sa minis lan deklare.
Yon lòt bò, minis lan di li konte sou detèminasyon madanm Joseph nan fonksyon li kòm chèf Inite Kòdinasyon Delegasyon ak Vis-Delegasyon (UCVDV), epi fè konprann li gen gwo responsablite sou zepòl li. Se pou sa li di : « Mwen kwè li pral pote bon jan rezilta pou ministè a ak pou leta Ayisyen an jeneral ».
2 nouvo direktris yo, nan lapawòl yo te pran, te pwofite remèsye minis la pou konfyans li. Epi toulède pwomèt yo pral travay san pran souf pou sèvi ministè a byen. Yo mande tout anplwaye ak desizyonè yo pou kolabore ak yo yon fason pou yo ka jwenn bon jan rezilta.
©Atik sa se pwopriyete prive © Gwoup Medya MAGHAITI 2025