Nan yon nòt yo pibliye jodi madi 10 jen 2025 lan, Fowòm Ansyen Premye Minis yo Ayiti yo (FAPM) mande pou kominote entènasyonal la sispann pou yon ti tan sanksyon yo pran kont kèk pèsonalite ayisyen yo. Demann sa fèt paske nan yo estime se yon bann sanksyon ki pa chita sou ankenn prèv ki pibliye.
Estrikti sa kritike sanksyon rezolisyon 2653 Nasyonzini te adopte kont moun ki responsab sitiyasyon vyolans k ap pase Ayiti a. Nan dokiman ki pataje a yo fè konnen yo konstate pa gen okenn transparans, ni prezonpsyon inosans, pa gen posiblite pou gen rekou. Yo pale tou sou gwo enpak sosyal ak pwofesyonèl ki genyen pou moun ki sible yo epi yo di vin pa gen konfyans ankò.
Pou kore pozisyon yo a, FAPM di malgre tout demach plizyè pèsonalite te fè bò kote otorite kanadyèn, amerikèn ak lòt peyi ki antre nan lojik sanksyon yo, pa janm gen repons ki bay. Se pou tèt sa, yo raple divès lwa pami yo deklarasyon inivèsèl dwa moun nan atik 6, 10, 11, pak entènasyonal relatif dwa sivil ak politik nan atik 14 ak 15, ki entèdi mòdèl sanksyon sa yo.
Se nan sans sa menm yo mande pou gen yon komisyon 2 tèt ki pou egzamine sanksyon yo, respè prensip dwa aksè ak dosye e pou defann devan yon enstans. Epi yo mande tou sispansyon tanporè sanksyon yo, dyalòg entènasyonal, yon ògàn nasyonal pou suivi sanksyon yo ka fèt ak bon jan transparans.
« Lit kont enpinite a pa dwe fèt pandan prensip jistis yo ap pase anba pye », daprè sa ki ekri nan nòt sa ki pote siyati ansyen Premye minis Evans Paul.
N ap raple, anplis sanksyon entènasyonal yo, jodi madi 10 jen 2025 lan lajistis ayisyèn te li menm tou deside anonse yo poze lapat sou kont bankè moun ki te sanksyon yo. Pami moun sa yo nou jwenn : Michel Martelly, Jocelerme Privert, Berto Dorcé, Jean Max Bellerive, Nenel Cassy, Hervé Fourcand, Joseph Lambert, Prophane Victor, Rommel Bell. Genyen tou biznisman tankou Gilbert Gibio, Reynold Deep, ak Sherrif Abdallah, mèt Sallim Succar, André Apaid epi chèf gang Jimmy Chérizier alyas Babekyou, Luckson Elan, Jhonson André alyas Izo, Renel Destina alyas Ti lapli, Vitelhomme Innocent, ak Wilson Joseph alyas Lanmò san jou.
Atik sa se pwopriyete prive © Gwoup Medya MAGHAITI 2025