Upgrade
Mag Haiti
ADVERTISEMENT
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
Mag Haiti
No Result
View All Result
Home Société

Fòs Lame Ayiti gen yon nouvo baz nan Pòtoprens

Mag Haiti by Mag Haiti
November 19, 2024
in Société
0
Fòs Lame Ayiti gen yon nouvo baz nan Pòtoprens

Ayè lendi 18 novanm nan ki te make 221 lane batay Vètyè e ki te jou lame a tou, Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (KPT) ak gouvènman an inogire nouvo baz Fòs Lame Ayiti(FAD’H). Espas sa pote non «baz Vètyè», li chita kò li nan Taba.

«Pwojè sa jwenn sous li nan 5 pilye enpòtan nan akò 3 avril 2024 la pou yon tranzisyon poze sa ki vle di pou n tabli sekirite. Seremoni sa ki make kote nou remèt wo eta majò lame Ayiti a se yon etap enpòtan nan plan ranfòsman ak modènizasyon FAD’H la», daprè deklarasyon sikonstans Prezidan Konsèy la, Leslie Voltaire.

Selon detay reprezantan Lavalas la, baz sa konstui sou plis pase 10 kawo tè, li kapab resevwa plis pase 2 000 sòlda e elikoptè ka desann ladan l tou. Nan diskou li a, li te fè konprann lame a ap la pou l ede nan rekonstriksyon peyi a ak ede jwenn yon 2yèm endepandans pou Ayiti.

Yon lòt kote, Kòmandan an chèf lame a, Derby Guerrier te pran lapawòl tou e mande pou chak sòlda mete plis fòs nan yo pou kapab fè Ayiti peyi tout Ayisyen swete a. Tout sa se ap pandan lespri zansèt yo ap rete kòm sous enspirasyon yo pou kontinye batay pou pèp la.

N ap soulinye pandan gwo chèf yo te nan seremoni sa, nèg ak zam te kontinye fè vyolans keseswa toupre baz la ak divès zòn nan Dèlma. Nan Kafou Ayewopò, bandi yo te menm rive mete dife nan plizyè biznis ki sou wout la.

Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024

Comments

commentaires

Nombre de vues: 379
Share on Facebook Share
Share
Share on Twitter Share
Share
Share on Google Plus Share
Share
Share on Pinterest Share
Share
Share on Linkedin Share
Share
Share on Whatsapp Share
Share
Share on Email Share
Share
Share on Viber Share
Share
Share on Sms Share
Share
Share on Messenger Share
Share
Previous Post

Spirit Airlines anonse li gen gwo pwoblèm lajan

Next Post

Anviwon 18 bandi mouri ak blese nan zòn Petyonvil jodi madi a

Mag Haiti

Mag Haiti

Mag Haiti a pour mission d'informer, de distraire et de former les internautes à travers le monde. Comme tout organe de presse qui se respecte dans une démocratie, notre objectif essentiel est de fournir aux citoyens l’information exacte et fiable dont ils ont besoin pour fonctionner dans la société libre où ils vivent.

Next Post
Selon DMSF sanksyon kanada pran kont pèsonalite ayisyen yo ilegal

Anviwon 18 bandi mouri ak blese nan zòn Petyonvil jodi madi a

Suivez-nous

youtube
follow
facebook
follow
twitter
follow
instagram
follow
soundcloud
follow
linkedin
follow

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Scandale à Miss Haïti Univers

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le béninois Axel Merryl met le compas en valeur dans le tube Lele Lala Lolo Lili

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le nom d’une première victime d’abus sexuels au Ranch de la Croix-des-Bouquets connu?

    0 shares
    Share 0 Tweet 0

Qui sommes-nous?

Mag Haiti

La société Médias MAGHAITI dont le siège social est sis à Port-au-Prince, immatriculée au registre du commerce d’Haïti au numéro 357 Reg. 103, est formée de trois (3) agences de Presse en ligne, soit Mag Haïti, Alolakay TV, T-check Haïti et de la compagnie Quiet Production.

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo?  (85,855)
  • Les dix jeunes Haïtiens les plus influents en 2018 (39,774)
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre (33,815)
  • Lapolis rive sezi 2 zam, 2 machin epi touye 4 prezime bandi nan vil Gonayiv (30,661)

Nouveaux Articles

  • ULCC revele ansyen direktè OFATMA a te fè magouy pou zanmi politik li fè lajan nan leta
  • Stéphanie Désir, une personne à mobilité réduite arnaquée par un ancien membre du BSEIPH
  • ULCC mande lajistis mare Renan Hédouville ak 6 akolit li nan OPC

RSS Fact Checker

  • Avant l’investiture de Trump, Meta abandonne son programme de fact-checking
  • Désintox : la Chine fait-elle face à une nouvelle épidémie appelée HMPV ?
  • Désintoxication : la femme qui a lancé la rumeur sur les Haïtiens à l’Ohio se rétracte
  • La vidéo de l’homme qui tue un chat avec ses dents répertoriée sur un blog zimbabwéen

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Subject:
Message:
Ajax loader
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Are you sure want to unlock this post?
Unlock left : 0
Are you sure want to cancel subscription?