Upgrade
Mag Haiti
ADVERTISEMENT
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
Mag Haiti
No Result
View All Result
Home Société

Fondasyon Zanmi Timoun kondane zak ansasinay ki fèt sou timoun Kenskòf yo

Mag Haiti by Mag Haiti
February 18, 2025
in Société
0
Fondasyon Zanmi Timoun kondane zak ansasinay ki fèt sou timoun Kenskòf yo

Nan yon nòt yo pibliye jodi madi 18 fevriye 2025 lan, Fondasyon Zanmi Timoun kondane zak ansasinay ki fèt sou plis pase yon dizèn timoun Kenskòf. An menm tan, responsab yo eksprime endiyasyon yo fas ak lanmò ti bebe Eliana Télémaque la ki te fèt semèn pase a.

«Fondasyon Zanmi Timoun eksprime gwo doulè l fas ak ansasinay plis pase yon dizèn timoun, ladan yo yon ti bebe 2 mwa Kenskòf», se sa nou li nan nòt Fondasyon an sòti a. Yo fè konnen zak sa se yon zak kriyèl ki montre nan ki nivo kriz sekiritè a menase tout bon lavi moun nan peyi a.

Pi lwen, yo soulinye yo menm ki la pou defann dwa timoun yo, mande pou otorite yo fè kou yo konnen pou pran divès mezi pou jwenn responsab krim sa yo epi trennen yo lajistis. Yo kontinye pou di, ansasinay timoun san defans se yon zak vyolasyon dwa epi yon krim kont limanite ki pa dwe rete san sanksyon.

Pou jistifye demann yo a, yo site plizyè enstriman entènasyonal tankou Konvansyon ki lye ak Dwa Timoun (CDE) nan Nasyonzini (1989), Ayiti te ratifye nan lane 1994. Lwa sa yo oblije leta garanti lavi ak devlopman timoun yo, epi pwoteje yo kònt tout fòm vyolans.

Pou fini, responsab yo mande pou kominote nasyonal ak entènasyonal la pou kontinye fè jefò pou pwoteje timoun ayisyen yo epi garanti dwa yo genyen pou yo viv san kè sote, ak tout diyite. Fondasyon Zanmi Timoun pwofite nòt sa pou voye solidarite l bay tout fanmi ki viktim nan vyolans ki nan peyi a.

Atik sa se pwopriyete prive © Gwoup Medya MAGHAITI 2025

Comments

commentaires

Nombre de vues: 435
Share on Facebook Share
Share
Share on Twitter Share
Share
Share on Google Plus Share
Share
Share on Pinterest Share
Share
Share on Linkedin Share
Share
Share on Whatsapp Share
Share
Share on Email Share
Share
Share on Viber Share
Share
Share on Sms Share
Share
Share on Messenger Share
Share
Previous Post

Ministè Fanm pwomèt l ap fè demach pou jwenn asasen ki sakriye ti bebe a Kenskòf la

Next Post

Kanapevè anba gwo menas gang daprè yon notab nan zòn nan

Mag Haiti

Mag Haiti

Mag Haiti a pour mission d'informer, de distraire et de former les internautes à travers le monde. Comme tout organe de presse qui se respecte dans une démocratie, notre objectif essentiel est de fournir aux citoyens l’information exacte et fiable dont ils ont besoin pour fonctionner dans la société libre où ils vivent.

Next Post
Kanapevè anba gwo menas gang daprè yon notab nan zòn nan

Kanapevè anba gwo menas gang daprè yon notab nan zòn nan

Suivez-nous

youtube
follow
facebook
follow
twitter
follow
instagram
follow
soundcloud
follow
linkedin
follow

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Scandale à Miss Haïti Univers

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le béninois Axel Merryl met le compas en valeur dans le tube Lele Lala Lolo Lili

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le nom d’une première victime d’abus sexuels au Ranch de la Croix-des-Bouquets connu?

    0 shares
    Share 0 Tweet 0

Qui sommes-nous?

Mag Haiti

La société Médias MAGHAITI dont le siège social est sis à Port-au-Prince, immatriculée au registre du commerce d’Haïti au numéro 357 Reg. 103, est formée de trois (3) agences de Presse en ligne, soit Mag Haïti, Alolakay TV, T-check Haïti et de la compagnie Quiet Production.

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo?  (86,425)
  • Les dix jeunes Haïtiens les plus influents en 2018 (39,911)
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre (34,015)
  • Lapolis rive sezi 2 zam, 2 machin epi touye 4 prezime bandi nan vil Gonayiv (30,810)

Nouveaux Articles

  • Un pylône endommagé à Péligre plonge Port-au-Prince dans le black-out
  • « Inisyativ 24 avril 2025 » deklare aprè 7 fevriye se nan kou kasasyon nouvo dirijan peyi a ap sòti
  • Dosye Jovenel Moïse : Lakou dapèl envite Martine Moïse ak plizyè lòt pèsonalite pou tande yo

RSS Fact Checker

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Subject:
Message:
Ajax loader
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Are you sure want to unlock this post?
Unlock left : 0
Are you sure want to cancel subscription?