Fondasyon Zanmi Timoun nan yon nòt li pibliye ayè madi 8 oktòb 2024 la, denonse kondisyon otorite dominikèn yo ap voye tounen nan peyi a yon pakèt timoun ki pa akonpanye ak pèsonn.
Òganis dwa timoun nan pa sèlman denonse fason Sendomeng ap trete timoun yo lè l ap depòte yo, men li di li genyen gwo enkyetid aprè prezidan an te fin anonse mèkredi 2 oktob pase a plan li genyen pou l voye tounen Ayiti 10 000 Ayisyen ki pa gen papye chak semèn. Daprè sa l di, se yon desizyon ki souke anpil emosyon nan mitan popilasyon an akòz enpak imanitè li ka genyen, sitou sou fanmi ak timoun ki touche yo.
Fondasyon an ki kontinye ap denonse vag depòtasyon otorite dominikèn yo revele sòti mwa jiyè pou rive mwa septanm 2024 la, li te remake jan yo te voye divès ayisyen vini sou fwontyè a. Pami migran sa yo, gen anpil timoun ki souvan pa t gen moun ak yo.
Anplis, estrikti a fè konnen pandan menm peryòd sa a, yo te depòte 16000 moun ki gen ladan 1900 timoun ak 3200 fanm. 347 nan timoun sa yo ki pa akonpaye te jwenn asistans nan sant transpò «Fondasyon Zanmi Timoun» nan Beladè.
Nan sans sa, òganis dwa timoun yo raple otorite dominikèn yo obligasyon yo genyen pou yo respekte dwa fondamantal tout timoun, kèlkeswa orijin yo. Li mande yo tou pou yo respekte nòm entènasyonal pou pwoteksyon minè yo, tankou konvansyon 1989 sou dwa timoun , ansanm ak Prensip Gid UNICEF sou pwoteksyon timoun migran yo.
Pandantan sa, li di li kwè nenpòt depòtasyon minè ki pa akonpaye yo dwe fèt nan bon kondisyon. Se pou sa, li ankouraje gouvènman ayisyen an pou poze bon jan aksyon pou pwoteje konpatriyòt nou yo nan Repiblik dominikèn epi pran mezi ki nesesè pou garanti pwoteksyon timoun yo.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024