Nan yon rapò li pibliye ayè jedi 10 oktob la sou masak nèg ak zam te fè sou popilasyon an nan Ponsonde, Fondasyon Je Klere (FJKL) mande pou otorite yo idantifye, chache ak arete tout moun ki fè masak sa. Se 9 jou aprè atak bandi Latibonit yo nan lokalite sa, estrikti k ap defann dwa moun yo mande sa.
FJKL fè rekòmandasyon sa yo yon fason pou konplis ak moun ki patisipe nan atak bandi yo kapab al devan lajistis epi pini selon lalwa. Òganis la mande pou otorite yo retire zam nan men tout gang ak tout gwoup rezistans ki gen zam nan men yo.
Pi lwen, òganis dwa moun nan konseye moun ki la pou sa yo pou ranfòse Fòs Lame Ayiti (FAD’H) a. Paske si sa te fèt konsa e te genyen cha blennde nan lokalite a daprè li atak sa pa t ap fèt. Yon lòt kote, li denonse gagòt ki fèt ak lajan ransèyman peyi a. Se sa ki fè, li mande pou genyen bon jan mezi ki pran yon mannyè pou koupe kòripsyon ki genyen nan jesyon lajan sa ki la pou sèvis entèlijans peyi a.
Akoz kantite dega gwoup gang «Gran Grif» lan fè nan Ponsonde kote gen plis pase 100 moun mouri san konte sila yo ki blese ak sa ki kouri kite kay yo, FJKL mande pou viktim yo ak moun ki deplase yo jwenn sipò ki nesesè yo. Tout sa se pou moun sa yo kapab rekòmanse aktivite yo nan tout sekirite.
Pandantan sa, FJKL estime dwe genyen bon jan òganizasyon ki pou fèt nan sèvis entelijans nasyonal la. Anplis sa, kapasite sanitè depatman Latibonit atravè lopital, sant sante ak pèsonèl sante yo dwe ranfòse.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024