Nan yon kominike li rann piblik jodi jedi 20 mas 2025 lan, Fondasyon Ayiti Jazz anonse tout moun li repòte 18yèm edisyon Festival li a. Daprè li menm, desizyon sa se se akoz pwoblèm sekirite peyi a vin pi mal. Sa ki fè, yo di klè yo pap ka asire bon dewoulman evènman sa ki te dwe kòmanse depi jodi jedi a.
«Fondasyon Ayiti Jazz oblije repòte yon lòt fwa 18yèm edisyon PAPJAZZ la», se sa nou li nan kominike pou laprès sa a.
Pou sa ki gen pou wè ak nouvo dat yo chwazi a, ekip la fè kwè y ap travay sou sa. Se nan menm sans sa, responsab yo tou pwofite fè
tout moun ki te gentan achete tikè konnen yo ap toujou kapab itilize li pou lòt dat y ap gen pou chwazi a.
N ap soulinye, se depi nan 16yèm edisyon an, pwoblèm sekirite a te kòmanse bon jan bay òganizatè yo pwoblèm. Puiske se nan vil Okap yo te oblije al fè li. Pou sa ki gade 17yèm edisyon an, yo te rive reyalize l kanmenm nan Pòtoprens sòti 25 pou te rive 28 janvye 2024 la. Men, pou 18yèm edisyon an, sa parèt plis konplike paske pou kounye a anplis 2 dat yo rate deja, yo toujou paka bay yon nouvo dat ki ka rasire moun pou PAPJazz’ it up la.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024