Aprè yo te pran dezisyon nan mwa novanm 2024 la pou te repòte li, Fondasyon Ayiti Jazz lanse ayè madi 11 mas 2025 lan 18yèm edisyon Festival li a. Pou ane sa a, rasanbleman sa a ap fèt sou non PAPJazz‘ it up sòti 20 pou rive 22 mas k ap vini la.
«Fondasyon Ayiti Jazz repanse festival la yon lòt jan yon fason pou adapte l ak kontèks nou ye a», daprè sa responsab yo fè konnen nan yon kominike pou laprès.
Pou sa ki gen pou wè ak siyifikasyon non festival la ane a, yo eksplike se pou mete limyè sou mizik ayisyèn nan avèk touch pa yo. Se pou sa yo di : «nan imaj kreyòl Jazz la, konsèp sa touche mizik ayisyèn nan pandan li gen Jazz ladan l. Kidonk, plizyè gwoup fè bon jan aranjman pou ofri piblik la bon jan pèfòmans».
Pandan 2 jou sa yo apati 4trè nan aprèmidi ekip Festival la anonse ap gen divès aktivite. Nan vandredi 21 mas la ap genyen nan yon bò, Slam’n Jazz avèk Éliezer Guérismé, Ricardo Boucher, Badio, Joël Widmaier, ak Syto Cavé. Yon lòt bò, ap genyen Jazz Xtension epi Nanmvodoua ak plizyè lòt atis epi gwoup.
Nan samdi 22 mas, ap genyen Ami Jazz, Joel akoustik et Guests epi Kolo & Co. Pandantan sa, yo mansyone ap gen Rara bann apye pandan 2 jou yo, After au Quartier avec du créole jazz, Jazz pou timoun nan kan deplase yo, atelye echanj ak lòt ankò.
Pou gen aksè ak konsè yo, patisipan yo ap peye 1000 goud, pou aktivite Kickoff ak Magdoos la k ap fèt jedi 20 mas la yo soulinye yo ap peye 20 dola vèr. Aprèsa selon detay yo bay, tout lòt aktivite yo ap gratis, pandan yo envite moun yo enskri sou sit yo a ki se : www.papjazzhaiti.org
N ap raple, Fondasyon Ayiti Jazz te repòte 18yèm edisyon Festival PAPJazz la mèkredi ki te 20 novanm 2024 la. Daprè eksplikasyon yo te bay, se te akoz sitiyasyon sekiritè Ayiti a te vin pi mal, anplis sa konpayi ayeryen yo te kanpe vòl yo sou peyi a ki fè yo te pran desizyon sa a.
Fòk nou di, yo te fè konprann tou te genyen mizisyen/atis ki t ap sòti Etazini, Chili, Gwadloup, Kolonbi, Meksik ak lòt ankò. Se sa ki ta eksplike nouvo pwogramasyon sa yo fè a, puiske pa gen atis etranje ki prèske parèt nan pwogramasyon yo a.
Atik sa se pwopriyete prive © Gwoup Medya MAGHAITI 2025