Fon Nasyonal pou Edikasyon (FNE) ansanm ak Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) inogire jodi madi 27 me 2025 lan 4 lekòl nan depatman Nip. Inogirasyon sa a fèt nan menm moman direktris FNE a, Sterline Civil gen 100 jou nan tèt enstitisyon an.
«Si FNE konstui, se nou menm ki pou pwoteje yo», se deklarasyon minis edikasyon an, Antoine Augustin, fè nan sikonstans lan yon fason pou montre kòman li enpòtan pou aksyon sa yo fèt pou ankouraje jefò enstans leta yo. Nan menm tan sa a li montre tou preyokipasyon li genyen pou amelyorasyon ki dwe genyen nan kalite edikasyon nan peyi a.
Lekòl Nasyonal Lyèv, Lekòl Nasyonal Chanje, Lekòl Nasyonal Mwenza, ak Lekòl Nasyonal Fon Tòti se 4 lekòl sa yo ki inogire jodi madi a.
Nan okazyon sa a, minis Antoine Augustin, ak direktris FNE a, Sterline Civil pa t kache kontantman yo pou inogirasyon lekòl sa yo. Selon yo menm se yon demach ki montre a klè yo sousye pou yon menm rèv ki se pou bay timoun yo kle avni yo.
Pandantan sa, direktris la nan diskou li a te pwofite soulinye bilan 100 jou li yo nan tèt FNE a. Pami yo li te site siyati pwotokòl akò ak Pwogram Kantin Eskolè pou bay chak elèv yon plat manje cho, èd FNE te bay Inivèsite Leta Ayiti a (ILA) nan jwenn lokal, epi divès lòt asosiyasyon k ap travay nan domèn edikasyon.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2025