Fas ak divès masak ki fèt nan peyi a pandan dènye jou yo, Fondasyon Je Klere (FJKL) mande pou leta pran divès mezi pou sa ka sispann an Ayiti. Plis materyèl ak ekipman pou fòs lòd yo, arestasyon ak jijman moun k ap fè masak, kidnaping, vyòl, ak boule afè moun se pami sa yo mande.
Mete sou kote materyèl ak arestasyon gang yo, òganis k ap defann dwa moun nan mande tou pou otorite yo mete sou pye yon fòs lame kòm metye. Lè sa, yo soulinye leta t ap pran anpil jèn (15 rive jis ak 20 mil sòlda) epi t ap plase yo nan plizyè zòn ki t ap gen sant fòmasyon tankou nan Pòtoprens, Okap, Gonayiv ak Okay.
FJKL fè rekòmandasyon sa yo paske li deklare masak chèf gang Mikanò a pa dwe rete konsa. Paske, yo fè konnen nan yon kominike yo te pibliye 11 desanm 2024 la, menm bagay sa te pase nan lane 2008 kote l te tiye 7 manbo, nan lane 2012 menm li te touye anviwon 12 fanm.
Tout sa yo, daprè òganis lan se sakrifis nan lide pou kapab mete plis sou li. Pou eksplike deklarasyon yo a, òganis lan fè kwè chak madi ak vandredi gen gwo seremoni mistik ki fèt lakay endividi sa, kote menm konn gen vye zak ki rive fèt.
«Masak Site Solèy la ak sa gang Gran Grif yo sot fè nan Ti Rivyè Latibonit la konfime jan pouvwa ki la a ta dwe pran tout dispozisyon pou mete yon bout ak balkanizasyon nan peyi a», daprè sa yo ekri. Pandantan sa yo pa bliye montre kòman chèf gang Mikanò gen gwo pouvwa anndan Waf Jeremi kote l touye jan l vle, jije e menm gen pwòp prizon pa l. Yo presize, lavi anpil abitan zòn sa menase puiske gen gwo presyon k ap fèt sou yo pou pa pibliye sa k ap pase anndan zòn nan.
N ap raple, masak Waf Jeremi an lakoz plis pase 200 granmoun ak jèn mouri. Tandiske, nan Ti Rivyè Latibonit menm pou pi piti 20 lòt pèdi lavi yo pami yo anpil timoun.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024