Nan yon rapò 7 paj yo piblik jodi madi 15 avril 2025 lan, Fondasyon Je Klere (FJKL) fè konnen lajistis gen ase eleman pou pousuiv Magalie Habitant. Yo di sa konsa, aprè yo fin analize rapò Direksyon Jeneral Polis Jidisyè a (DCPJ) ki revele ansyen direktris Sèvis Nasyonal Jesyon Fatra Solid (SNGRS) la gen gwo rapò avèk gang yo anndan peyi a.
«Magalie Habitant konfime li gen bon relasyon ak prèske tout gang rejyon metwopolitèn nan. Sa konfime pa rapò ak divès apèl yo jwenn ki fèt sou telefòn li», daprè sa FJKL ekri. Pi devan, yo mansyone madanm nan konn achete bal e konn jwenn èd depite Prophane Victor, ki se ansyen direktè ladwàn Beladè a tou, pou chèf gang ki rele Kempès la.
Yo soulinye li te achete 20 kès bal divès kalib pou gang nan. Yon machandis, selon yo, ki te estime ak 70 mil dola vèt. E yo di gen mesaj ki pwouve Magalie ak Prophane se konplis nan dosye trafik bal sa a.
Anplis sa, òganis la revele ansyen fonksyonè leta a se moun ki konn abitye vann machin ak machandiz gang yo konn vòlè. Se menm jan an tou, yo presize li konn itilize chofè li a, Lenès Jean Philippe, pou fè tranzaksyon Moncash toujou pou bandi yo. Yon lòt kote, yo fè konnen li te menm fè demach pou jwenn lajan pou chèf gang Babekyou nan Kès Asistans Sosyal (CAS). Lajan sa se direktè Elionor Devallon yo di ki te bay li.
Nan dosye kidnaping dominiken yo nan lane 2021, FJKL rapòte rapò DCPJ a di se prezidan Jovenel Moïse ki te mande madanm nan pou fè sa. E li menm li te negosye ak bandi yo, kote li te peye yo yon milyon goud pou liberasyon etranje sa yo. Yo soulinye li se moun ki abitye fè pon ant yon gwo biznizman ak gang yo.
N ap soulinye, nan kad dosye sa lajistis ayisyèn te arete 13 moun ki se : Magalie Habitant, ansyen depite Prophane Victor, Joseph Saget alyas Djo, Elionor Devallon, Pierre Paul Balan, Peterson Augustin, Jensen Ghandi Victor, Eder Victor, Claudel Victor, Jacquelin Glaude, Peterson Felix ak Evens Monnier. Men, ayè lendi 14 avril la, pakè Pòtoprens te deside aprè odisyon yo pou te libere Jacquelin Glaude, Peterson Felix ak Evens Monnier.
Atik sa se pwopriyete prive © Gwoup Medya MAGHAITI 2025