Nan yon entèvansyon li fè jodi vandredi 14 mas 2025 lan sou Radyo Televizyon Karayib, Fritzcar Innocent ki se frè Sénat Guito, fè konnen frè li pa gen anyen pou wè ak zam yo te jwenn nan pò Haina a. Nan deklarasyon li yo li fè konnen konntenè zam sa a se te pito pou yon madanm ki pote non Ti Nana, ki gen gwo biznis Beladè.
«Guito pa konn anyen paske konntenè a pa pou li se pou Ti Nana. E Guito pa gen okenn rapò ak Ti Nana yo sèlman se zanmi», se sa ti frè akize a deklare. Yon lòt kote li tou pwofite fè tout moun konnen se pa lapolis ki t al arete sitwayen an men se pito li menm ki te pran desizyon pou al rann tèt li bay otorite Sèvis Depatmantal Polis Jidisyè (SDPJ) yo nan vil Ench.
Nan faz dosye trafik zam sa rive a, li mande pou madanm ki rele Ti Nana a ak tout akolit li yo bay eksplikasyon sou kote li ta prale ak zam yo epi retire non frè li a nan koze a. E daprè enfòmasyon yo, bon non madanm sa se ta Nabon Marcadieu, li se mèt yon gwo klèb Beladè ki abitye gen konntenè k ap sòti Miami pou ateri Ayiti.
Nan sans sa a, li mande pou leta fè travay li yon fason pou kapab jwenn moun ki vrèman enplike nan dosye sa a. Paske li ensiste pou di : «Se sèlman angrè li genyen, e li pa vin sou non Guito vre se yon broke ki vini avè l pou li, kote li menm li gen yon depo epi fè distribisyon an sou Latibonit ».
«Pou sa ki gen pou wè ak enfòmasyon Bill of lading # 5099531» Antillean marine Shipping Corp, ki te di mesye a rete nan 53, ri Myrtil nan Beladè, Innocent fè konnen se manti. Li fè konprann frè li a rete Mategwas, e li se moun Ansapit, men se lame Ayiti (FAD’H) li te ladan l ki pèmèt li te al viv nan vil sa a.
Fòk nou di, pandan entèvansyon li an li te rekonèt Sénat Guito se zanmi youn nan Dominiken otorite kay vwazen yo arete a ki se Máximo Pérez Berigüete. E menm revele lè dosye a eklate a 2 moun sa yo te diskite sou sijè a nan telefòn.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2025