Daprè Miami Herald, Federal Aviation Administration (FAA) pwolojne entèdiskyon vòl ameriken yo sou Pòtoprens pou jous mwa septanm 2025 k ap vini la.
FAA te mete entèdiskyon pou vòl ameriken yo pa antre nan kapital la depi mwa novanm 2024 la aprè gang ak zam yo te tire sou ayewopò entènasyonal Toussaint Louverture a. Pou kounye a, li pran mezi pwolonje sanksyon an jiska mwa septanm 2025, alòske premye a te dwe ekspire mèkredi 12 mas 2025 lan.
Selon yon atik jounal ameriken an pibliye jounen 11 mas 2025 lan, FAA deside pwolonje entèdiksyon sa a jiska omwen 8 septanm. Li soulinye pandan peryòd mezi sa transpòtè avyon ameriken yo, ki gen ladan l kago ak vòl komèsyal yo, ka vole sou espas ayeryen Pòtoprens. Men, yo entèdi pou yo ateri nan ayewopò a san otorizasyon administratè FAA a. Otorizasyon sa ta dwe bay avan sa.
Entèdiksyon pou vòl ameriken yo ateri nan Pòtoprens pa sèlman pou ayewopò Toussaint Louverture a. Men, li dwe aplike tou nan zile Lagonav, selon sa Miami Herald rapòte.
Miami Herald nan menm atik sa fè konnen mezi sa pa aplike pou moun ki opere nan avyon ki anrejistre Etazini pou yon konpayi asirans etranje. «Distenksyon sa a te pèmèt sèl konpayi avyon lokal Ayiti a, Sunrise Airways, kontinye opere sèlman vòl dirèk ant Ayiti ak ayewopò entènasyonal Miami lè l sèvi avèk yon konpayi avyon chatè ameriken», se presizyon sa jounal la pote.
Pou Miami Herald, desizyon FAA pran pou pwolonje entèdiskyon vòl yo sou Pòtoprens se yon fason pou kanpe operasyon vòl yo sou Ayiti. Menmsi prensipal ayewopò entènasyonal la teknikman louvri puiske malgre pa gen vòl domestik k ap fonksyone, men gen kèk vòl misyonè, avyon militè ameriken k ap pote founiti pou fòs sekirite Kenya yo ak kèk chatè ki soti nan lòt peyi yo.
Avèk desizyon sa ki kontinye a, jounal la eksplike demach pou yon moun fè pou l rive kite peyi a difisil. Daprè sa l di, moun yo oblije al pran avyon nan ayewopò Okap la ki deja piti pandan y ap mete lavi yo fas ak danje paske sèten nan wout mòn yo sou kontwòl gang yo. Toutfwa, li soulinye sila yo ki gen mwayen yo ap peye 2 500 dola pou yon senp elikoptè prive.
«Gen lòt ki konte swa sou yon elikoptè Nasyonzini, ki regilyèman manke lajan pou transpòte pèsonèl imanitè yo, oswa sou yon elikoptè gouvènman taywanè a peye», se sa Miami Herald ekri.
N ap raple, se semèn pase a konpayi avyon JetBleu te anonse desizyon li te pran pou kontinye kanpe vòl li yo sou Ayiti pou 11 jen 2025. Responsab yo pran mezi sa akoz twoub sivil yo di ki gen nan peyi a.
Atik sa se pwopriyete prive © Gwoup Medya MAGHAITI 2025