Pou montre yo pa dakò ak politik depòtasyon migran prezidan Donald Trump ap aplike a plizyè milye sitwayen ameriken tanmen gwo mouvman manifestasyon Etazini depi premye semèn mwa jen an. Sitiyasyon sa lakoz anpil viktim nan kan manifestan yo ak bò kote polisye yo.
« Non ak ekspilsyon yo, libere yo » se pawòl sa yo ki te ekri nan plizyè pankat ki te nan men pwotestatè yo ayè madi 10 jen 2025 lan devan tribinal imigrasyon eta Texas.
New York, Chicago, Seattle, Denver, San Francisco, Atlanta se pami zòn ki te gen gwo rasanbleman sòti semèn pase a rive ayè madi 10 jen 2025 lan. An konsekans, Selon BFMTV ki site plizyè lòt medya ameriken gen 4 polisye ki blese nan zòn Austin nan Texas lendi 9 jen an epi gen 12 moun yo arete. Nan New-York gen 45 mabifestan yo arete, nan Seattle ak Chicago espesyalman Market Street gen divès lòt arestasyon ki fèt tou.
Selon medya a sitwayen ameriken yo pa deside rete la. Se nan sans sa yo fè konnen gen yon sit entènèt ki deja prevwa 1 800 lòt manifestasyon 14 jen k ap vini la. Rasanbleman sa yo ap fèt nan divès vil Etazini nan okazyon 250 lane lame tè ak 79yèm lane prezidan Trump prevwa selebre.
Fòk nou di, depi ayè madi a majistra Los Angeles la, Karen Bass te deklare kouvrefe sou vil la depi l lannuit. Se sa k fè li menase arete tout moun ki vyole mezi sa a. Paske li estime manifestan yo fè twòp dega nan vil la.
N ap soulinye, manifestasyon sa yo ki pote non « No Kings » la gen ladan yo ki te pasifik. Men, sa pa t anpeche gen lòt te gen gwo afwontman ant pwotestatè yo ak fòs lòd yo kote polisye yo te bonbade moun yo ak gaz lakrimojèn e premye sitwayen ameriken an li menm te deside deplwaye 700 sòlda ki rele « Chen lagè » mete sou 2000 gad li te voye Los Angeles deja pou konbat manifestan yo, yo. N ap raple, mouvman sa yo ap fèt kont depòtasyon pa pil ak pa pakèt imigrasyon ap fè sou lòd gouvènman Trump lan.
Kredi Foto: AFP
Atik sa se pwopriyete prive © Gwoup Medya MAGHAITI 2025