Nan yon kominike anbasad Etazini mete deyò mèkredi 25 fevriye 2025 la, li fè konnen èd li pou Misyon Miltinasyonal Soutyen ak Sekirite a (MMSS) pa sispann. Kominike sa sòti aprè Radyo Frans Entènasyonal (RFI) te rapòte Etazini te deside bloke lajan li t ap bay misyon an.
Pou apiye sa l di a, anbasad la fè konnen sekretè Marco Rubio apwouve yon lajan k ap pèmèt misyon MSS la ak Polis Nasyonal Ayiti a (PNH) jwenn plizyè asistans enpòtan.
«Depatman Deta apwouve eksepsyon pou 40.7 milyon dola nan asistans etranjè pou misyon MSS la avèk PNH la», se sa nou li nan kominike sa ki presize tou li gen ladan l kontra lojistik pou sipòte baz operasyon avanse yo. Nan menm sans lan, anbasad la di nan lajab sa genyen yon kontra antretyen machin pou sipòte flòt misyon MSS la, yon kontra sèvis medikal pou PNH la, sèvis transpò pou livrezon ekipman depatman deta bay yo ak kontra ki sipòte ekspè nan domèn sa yo kap travay ak Lapolis la.
Pou pwouve yo ap toujou ede, anbasad amerikèn enfòme ayè madi a Etazini livre yon bann gwo ekipman blennde. Materyèl sa yo selon yo menm, nesesè anpil pou PNH la.
«Sekretè Jeneral Nasyonzini an te anonse Etazini sispann itilizasyon rès 13,3 milyon dola li te bay nan fon spesyal Nasyonzini an», daprè sa anbasad la deklare. Pandan sa li fè konprann, 15 milyon dola total yo te bay nan fon sa a reprezante mwens pase 3% fon total Etazini bay dirèkteman pou sipòte misyon MSS la.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2025