Youn nan Pòt pawòl Òganizasyon Nasyonzini yo, Stéphane Dujarric anonse jodi madi 4 fevriye 2025 lan, Etazini mande pou bloke lajan li t ap bay pou misyon miltinasyonal an Ayiti a. Anons sa vini nan yon moman kote yon gwoup 70 militè salvadoryen fenk rive Ayiti.
«Nou resevwa lòd ofisyèl ki sòti Etazini pou nou sispann èd 13,3 milyon dola vèt ki te bay la byen rapid», daprè pawòl Stéphane Dujarric RFi rapòte.
N ap soulinye, malgre misyon an deplwaye an Ayiti depi mwa jen 2024 la lajan misyon an potko janm kont. Se sa ki fè, chèf ONU an, Antonio Gutteres te denonse nan mwa septanm pase a kominote entènasyonal la ki pa janm vle fin kontribye pou misyon an kapab reyisi.
Selon Medya fransè a, jiskounye a Kanada te bay 45 milyon, pandan Etazini te bay 15 milyon. Yon lòt bò genyen Lafrans, Espay, Itali, ak Latiki ki te bay lajan tou.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2025