Menm jan ak elèv lekòl piblik nan Jeremi ak nan Okay yo, elèv lise Senmak yo manifeste jodi lendi 20 janvye 2025 lan pou egzije prezans pwofesè yo nan sal klas yo.
Sitiyasyon an pa diferan nan kapital peyi a kote plizyè santèn elèv lise Dikini yo te foule beton an tou jodi lendi a pou kontinye mande leta ba yo pwofesè. Elèv sa yo te an kòlè, rive menm kraze baryè Kolèj «Paul 6» nan Kafou pou mande elèv yo rejwenn yo nan lari a.
Yon lòt kote, genyen pwofesè lekòl piblik nan vil Okay yo ki fè leta plizyè rekòmandasyon. Pami sa yo mande yo nou jwenn, ogmantasyon kòb yo, peye yo aryere salè ak ba yo kat debi a epi fèmen pòt direksyon depatmantal edikasyon Sid la.
N ap raple, depi plis pase yon semèn divès pwofesè lekòl piblik sitou nan Jeremi te kanpe travay pou egzije otorite yo nan leta a tande revandikasyon yo.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2025