Elèv yo nan lise Benoît Batraville Sodo, ki nan depatman Sant peyi a, te pran lari jounen lendi 24 mas 2025 lan. Revandikasyon yo se te pou denonse fenonèm ensekirite a.
Elèv sa yo te pase devan divès lekòl nasyonal ak prive pou t al mande ak lòt elèv yo pran lari a. Yon fason pou vin ranfòse mouvman sa ki gen objektif mande otorite yo nan leta a mete yon fen ak gang yo ki nan 3zyèm seksyon Koup Madigra a.
Elèv yo manifeste nan yon moman kote yon gwoup bandi ak zam nan 3zyèm seksyon Koup Madigra mete gwo kè kase nan mitan popilasyon an. Se sa ki fè, ak branch bwa epi pankat nan men yo fè konnen: «Nou menm elèv depatman Sant nan komin Sodo, nou leve kanpe paske nou bezwen sekirite».
Se pou sa, yo mande otorite yo nan leta a pou pran bon jan mezi pou garanti sekirite yo nan bay komin nan materyèl ak blennde pou polisye yo. Puiske y ap gen pou al konpoze nan egzamen leta.
«Nou bezwen materyèl, nou bezwen sekirite, Sodo fin peri. Nou mande Normil Rameau pou sipòte polisye yo nan komin Sodo, yo bezwen Cha blennde, yo bezwen bal ak zam», se mesaj sa pwotestatè yo voye bay responsab Polis Nasyonal Ayiti a (PNH).
Yo te pwofite salye jefò lapolis nan komin nan puiske selon sa yo di se gras ak ajan fòs lòd sa yo yo toujou nan vil la. An menm tan, yo adrese yo ak otorite yo nan leta a pou fè konnen zòn Koup Madigra ak Montay Tèrib sibi atak gang, e popilasyon an nan lari.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2025