Nan vil Okay, divès elèv lise melanje ak lekòl nasyonal manifeste jounen mèkredi 26 mas 2025 la. Mouvman sa te fèt nan lide pou reklame prezans pwofesè nan sal klas yo.
«Nou nan lari a paske sa gen pase 4 mwa depi nou pa jwenn pwofesè, n ap kontinye mobilize jiskaske leta peye yo pou nou jwenn prezans yo», se sa kèk nan yo deklare.
Elèv sa yo te sòti nan diferan lekòl tankou lise Philippe Guerrier, lise Jean Claudy Museau, lekòl nasyonal Sémiramis Télémaque ak lekòl nasyonal Michel Lazarre. Yo tou te mete ansanm pou te desann nan lari a jodi a. Pandan jounen an yo te pwofite pase pran plizyè elèv lekòl prive, puiske yo te lanse yon operasyon lage lekòl sa yo.
Elèv sa yo menase pou anpeche lekòl prive yo travay si yo kontinye ap soufri akoz absans anseyan yo. Paske sa gen plis pase 4 mwa depi yo paka jwenn pwofesè nan klas pa yo.
Madam Johanne Calixte moun konnen byen nan vil sa a te patisipe nan mouvman tou. Li menm tou li pa t kache preyokipasyon l pou pwoblèm sa elèv lekòl leta yo ap fè fas la. Madanm nan ki te nan mikwo laprès deklare : «Se pa jodi a edikasyon ap soufri, sa ki montre sektè sa pa yon priyorite pou leta a men pito gang yo. Li lè pou nou priyorize sa k enpòtan tankou edikasyon, sekirite, travay ak manje».
Madanm Calixte pa t kite okazyon sa pase tou pou l egzije leta peye pwofesè yo. Li denonse mannèv k ap fèt pou òganize referandòm ak eleksyon nan peyi a pandan pwofesè yo paka touche epi elèv yo paka jwenn moso ledikasyon.
N ap raple, pou te mete yon fen nan grèv anseyan yo pou yo te kapab retounen nan sal klas yo, gouvènman ayisyen an te siyen yon akò ak plizyè asosiyasyon sendikal pwofesè nan peyi a jou ki te lendi 20 janvye 2025 lan. Anviwon, 3 mwa aprè elèv lekòl leta yo toujou ap soufri.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2025