Pòtoprens jou ki te 17 jiyè 2022 a._ Semèn sa gè a eklate pou pi rèd nan Site Solèy, kote gang G9 an Fanmi ak Alye ap toke konn li ak G-Pèp. Batay sa eklate tousuit aprè lapolis te mete lapat sou chèf gang Baz Pilat la Ézéchiel ki gen pou non vanyan li (Ze), jiskaprezan l ap reponn kesyon nan DCPJ pou prezime enplikasyon li nan yon pakèt zak malonèt.
Selon yon rapò òganizasyon k ap defann dwa moun Rezo Nasyonal Defans ak Dwa moun (RNDDH) sòti jodi dimanch sa, li pale se anviwon 300 moun ki gentan pèdi lavi yo nan Nouvo gè sa, anplis anpil moun blese ak anpil lòt disparèt epi anpil kay boule.
Fòk nou di pi gwo viktim batay sa rete popilasyon sivil la, moun ki pa gen zam yo. Gen anpil moun ki gentan kouri kite zòn yo, sa ki pa te gentan kouri yo tounen sila ki an otaj lakay yo, yo paka sòti, yo pa gen manje ak dlo pou yo bwè, elatriye. Sa ki pi mal la, bandi yo pa vle yo pale nan telefòn. Se rèl kay Makorèl ! Lapolis paka al pote yo sekou, paske Site a pyeje, bandi gen kontwòl tout teritwa yo.
Youn nan kesyon n ap poze, se kisa ki lakoz gè sa retounen ankò nan Site Solèy? Jiskaprezan okenn moun poko ka konnen vrèman rezon an, poukisa bandi sa y ap toke konn yo ankò? men, youn nan rezon yo se souvan yon batay pou gen kontwòl plis teritwa pou prepare pou eleksyon, pou y al negosye gwo lajan ak kandida yo pou yo kite yo antre vin fè kanpay elektoral nan bay moun yo manti ak bay fo pwomès.
Selon plizyè òganizasyon k ap defann dwa moun, Jimmy Chérisier (Babekyou) ki nan tèt Federasyon gang G9, ansanm ak akolit li yo Matias Saintil k ap dirije Nan Boston, Andrice ISCARD nan Belekou, Tyson SAMEDY nan Rakèt, Serge ALECTIS alyas Ti Junior k ap dirije Lasalin, Micanor ALTES k ap dirije zonn Waf Jeremi an, Kenley nan Tokyo, elatriye deside mete tèt ansanm pou yo atake chèf gang nan “Brooklyn” lan ki rele Ti Gabriel, yon fason pou yo pran teritwa sa l ap kontwole a. Atak sa yo te kòmanse 7 jiyè ki sot pase a an anviwon 3è nan maten. Selon rapò RNDDH, bandi G9 yo te jwenn sipò bwat leta CNE, li te ba yo gwo traktè ak kamyon baskil pou fè sa. Kidonk, si leta bay yon gwoup sipò lojistik, sa vle di masak la se yon masak leta.
Tout moun te toujou konnen G9 an Fanmi ak Alye se yon federasyon gang ki pwòch rejim Tèt Kale a, yo fè plizyè demonstrasyon nan lari aprè asasina Jovenel Moïse pou yo bal omaj. Chèf gang Babekyou te menm rive kriye kou ti bebe devan foto ansyen prezidan an. Men sa nou ka di, moun k ap finanse bandi sa yo ak zam ak minisyon pa janm chome, paske yo toujou gen bagay nan men yo.
Aprè masak k ap fèt sou moun site solèy yo, fòk nou di lapolis ak lajistis te dekouvri yon kontenè ki te chaje zam ak minisyon jou jedi kite 14 jiyè 2022 a, nan Ladwann Pòtoprens lan. Otorite yo jwenn 22 zam, pami yo 19 zam fannfwa, 140 chajè, plis pase 14 600 katouch epi 50 000 fo dola ameriken. Kidonk, anplis zam y ap voye pou touye pèp la, mechan y ap anvayi nou ak fo lajan nan yon fason pou yo kraze ekonomi an pi mal pase jan sa ye la.
Nan kad dosye sa, lapolis mete lapat sou Gina Rolls jou ki te 15 jiyè 2022 a, paske se li menm ki te responsab pou li jere kontenè plen zam sa yo pou Legliz Episkopal. Nan sans sa Monsenyè Ogé Beauvoir epi Jean Mardoche Vil ki se prezidan komite pèmanan Legliz Episkopal la, prese vit lave men yo tankou Pons Pilat, yo gentan deklare yo pa konn anyen nan bagay kontenè zam epi mande lajistis pou fè travay li. Kòmkwa Gina Rolls se yon fizib yo ka sakrifye lè yo vle.
Si tout fwa n ap byen reflechi, bagay la t ap twò fasil pou moun legliz sa yo ta rale kò yo konsa nan dosye a. Monsenyè Ogé Beauvoir ak Jean Mardoche Vil gentan di yo pa rekonèt moun ki rele Gina Rolls la, se premye fwa yo tande pale non moun sa. Kòmsi madanm lan sòti nan espas epi li ateri an Ayiti pou li vin sèvi ak franchiz legliz la. Zen an pwès, dosye a lèd anpil, ou kwè se ta verite pou legliz ta youn nan pi gwo founisè bandi yo? Si se vre, li t ap fasil pou yo fè sa, paske legliz sa yo gen lèse pase nan peyi a, moun dwann yo pa konn nan fouye afè yo. Kesyon n ap poze tèt nou se konbyen kontenè zam konsa ki te gentan pase? Antouka n ap kite lajistis fè travay li, pandan nou vle tout verite nan dosye sa.
Pandan tan sa, n ap mande lapolis pou pran responsablite li nan Site Solèy. Nou konnen fòs fè nwa yo anpil epi yo gen anpil materyèl nan men yo, men yo paka abandone sila k ap viv nan Site Solèy yo konsa, fòk nou leve pye nou epi mache sou bandi!
Foto: https://ichef.bbci.co.uk/
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2022