Upgrade
Mag Haiti
ADVERTISEMENT
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
Mag Haiti
No Result
View All Result
Home Éditorial

Editoryal: Lapolis dwe fouke tout jounalis k ap kouvri operasyon bandi yo

Mag Haiti by Mag Haiti
August 18, 2024
in Éditorial
0
Editoryal: Lapolis dwe fouke tout jounalis k ap kouvri operasyon bandi yo

Foto: Tcharly Coutin

Jou jedi 15 dawout 2024 la, Lapolis mennen yon gwo operasyon nan zòn Fleryo (laplèn), kote 5 bandi bwè dlo bouch yo, 13 moun jwenn arestasyon yo nan anviwon yon otèl ki pote non “Anvayi”. Pami moun ki arete yo gen 3 polisye epi 2 jounalis. Banatte Daniel ak Richelson Sénejuste se non 2 travayè laprès sa yo polisye yo te jwenn touprè a nan yon machin leta ki te gen zam ladan l.

Daprè pòt pawòl Lapolis Nasyonal Ayiti a (PNH) Michel Ange Louis Jeune, nan machin jounalis yo yo te jwenn yon fizi mak Roder, 2 pistolè mak wòk 19 jenerasyon 4 kalib 9mm, avèk yon chajè ki te gen 15 katouch. Li fè konnen tou lapolis sezi 10 250 goud, 4 blòk chekye ki sou non Banatte Daniel ak pyès idantite l, 2 telefòn yon mak Samsung nwa ak yon lòt telefòn iPhone.

Gwo kout filè sa konfime Mag Haiti te toujou sou bon wout la, lè nou konn ap denonse blogè ak jounalis ki sou teren yo ki toujou nan danse kole ak bandi. Jodi a tout moun ka wè gravite dezòd moun sa yo ap fè sou entènèt la, paske yo mete paj yo disponib pou sanzave ak kriminèl pase mesaj yo. Depi chèf gang Babekyou pale, n ap jwenn pou pi piti 30 ak 50 paj k ap pataje mesaj sa pandan menm jounen an. Pifò blogè sa yo ap resevwa lajan nan men òganizasyon teworis ki rele “VIV ANSANM” lan. Yo fè plizyè lajan sou menm videyo a, puiske Facebook ak Youtube ap ba yo yon ti monnen si videyo a byen mache epi bandi yo ap vide biyè 1000 goud sou yo tou.

Pa egzanp gen yon bann blogè nan lari a ki rele tèt yo jounalis, ki gen bon jan relasyon ak bandi yo epi ki menm sèvi antèn lè gang yo ap opere. Genyen se bandi k ap peye kay pou yo epi pran swen fanmi yo. Depi bandi yo envite gwoup moun sa yo nan konferans pou laprès yo toujou ba yo yon ti mwayen pou deplasman. Sa vle di, ensekirite a bon pou blogè yo ak jounalis-brasè, dayè se la yo bwase lajan sal ak bandi k ap matirize pèp la.

Kesyon n ap poze tèt nou, kòman leta fè kite yon jounalis ki nan gang rive mete yon lekòl kominikasyon sou pye ? Depi kèk anenou te aprann lapolis t ap siveye Banatte sa, dosye sa fè gwo tole nan DCPJ, men lekòl la te toujou ap fonksyone.

N ap sonje an desanm 2023, lè bri t ap kouri yo te kidnape Banatte la, jounalis Trip Foumi an, Thériel Thélus te mete nou sou men nou, lè l te di se yon baz zanmi k ap trip se pa te anyen ki serye.

Pa gen okenn lwa an Ayiti pou kontwole sa k ap pase sou entènèt la

Nou nan mwa dawout 2024, kote tout peyi ap sèvi ak gwo teknoloji pou fè biznis epi sèvi ak entèlijans atifisyèl pou yo jwenn rezilta, tandiske an Ayiti nou poko gen okenn lwa ki rekonèt biznis anliy yo. Malgre chaje biznis sou entènèt la k ap bwase milyon nan bon oubyen nan move kondisyon, Leta pa benefisye yon yota. Se paske pa te janm gen yon palmantè nan 59 lejislati ki sot pase la yo ki te ase eklere pou prezante yon pwojè lwa sou aktivite k ap fèt sou entènèt la.

Si n ap gade dosye a sou ang sa n ap konprann tout medya anliy yo pa gen okenn kouvèti legal pou yo fonksyone vre, epi pou yo rive fè yon patant pou leta rekonèt kòm biznis k ap fonksyone sou entènèt la. Se sa ki fè pifò medya sa yo anrejistre tèt yo kòm ajans maketing, mezon pwodiksyon oubyen yo foure tèt yo anba yon asosiyasyon medya pou yo jwenn yon ti kouvèti legal.

Se vid sa ki gen nan peyi a ki lakoz tout gagòt sa yo nan sektè a, ki fè depi yon moun jwenn yon vye bout telefòn, li kreye yon paj Facebook ak Youtube epi li tou rele tèt li jounalis. Gen anpil moun k ap viv nan dyaspora a ki antre tèt yo nan dezòd sa tou, se yo menm k ap voye ti jèn gason ak ti jèn fanm al riske tèt yo nan zòn ki sou kontwòl bandi.

Òganize medya anliy yo, yon konba ki prèske enposib pou asosyasyon yo

An septanm 2016 kèk patwon medya te mete tèt yo ansanm pou yo fòme premye asosiyasyon medya anliy an Ayiti ki rele AHML (Association Haitienne des Médias en Ligne). Men, defi yo te twò lou pou jèn asosyasyon sa ki t ap eseye òganize koze medya k ap pouse tankou djondjon yo, anplis konbat koze move nouvèl ak difamasyon yo.  Pou kounye a gen 3 asosiyasyon medya anliy k ap travay sou teren an se AHML, RENAMEL (Réseau National des Médias en Ligne) epi yon lòt ki rele CEMEL (Collectif des Médias en Ligne).

Fòk nou di byen youn nan 3 asosyasyon nou sot site la yo poko janm ka ateri nan koze kontwole medya anliy yo, paske dosye sa depase yo. Otorite nan leta yo toujou ap ankouraje òganizasyon sa yo fè sa ki rele « otoregilarizasyon », sa ki ta vle di pou yo gen kontwòl manm yo epi mete lòd nan dezòd. Men jan dosye sa makawon an, se sèl Leta, k ap mayi moulen kò li a, ki ka kòmanse kontwole tout bon vre medya anliy yo ak blogè yo, tout sa gras ak yon bon pwojè lwa k ap defini règ jwèt la. Se yon dosye ki senp, Ministè kominikasyon sèlman ka jere sa, men pa gen okenn volonte politik pou sa chanje paske se menm politisyen yo k ap peye moun pou voye monte sou entènèt la.

Lanati pa vle wè espas vid, koriptè tounen esponsò pou blogè yo ak jounalis

Depi prèske 10 lane koze medya anliy ak blògè yo pran yon lòt nivo nan peyi a. Tout moun gen ti paj pa yo k ap frape nan politik, yo san fòmasyon, san etik, yo pa konn anyen nan règleman metye a men se yo ki pi popilè sou entènèt la. Tout epòk 2014, lè flewo sa a te kòmanse a te gen palman nan peyi a ak moun ki te bon nan eleksyon. Ebyen pa te gen youn nan moun sa yo ki te pwopoze yon bidjè pou ankadre medya anliy yo, men yo te konn prefere sèvi ak yo sèlman pou yo fè pwopagann pou degouden.

Se pou tèt sa, w ap jwenn kèk ti raketè nan bwàt leta a ki mete tèt yo ansanm pou yo kreye medya « prètapòte » sou entènèt la, epi kalonnen otorite ak vye atik pou yo ka fòse yo vin negosye ak yo. Se sa nou rele « jounalis abolotcho » a. Mesyedam sa yo san pitye, yo san etik, yo pa gen okenn liy editoryal se sèlman moun yo ap atake pou yo ka bwase lajan sal.

Kòm lanati pa vle wè espas vid, bandi yo envesti anpil nan devlopman divès blogè ak jounalis k ap travay pou medya tradisyonèl yo. Yo ba yo gwo lajan, yo ba yo machin, gwo mak telefòn pou yo fè travay la pi byen. Se poutèt sa sou gouvènman defakto Ariel Henry an, anpil moun t ap repete betiz kòmkwa se revolisyon bandi « Viv Ansanm » yo t ap fè. Yo te achte opinyon piblik la lajan kontan paske te gen yon gwo travay manipilasyon ki t ap fèt sou entènèt la. Nan peryòd sa depi w pale bandi mal sou rezo sosyàl yo tout moun rele w fanatik Ariel, sa w tande a sipòtè bandi yo anvayi w.

Daprè sa plizyè machann rapòte nou, gen yon blogè ki gen baz li sou Channmas la ki fenk sot pran 200,000 goud nan men chèf gang Lanmò 100 jou pou l te ka peye kay, li te kenbe 100,000 goud pou tèt li epi separe rès la ak blogè/jounalis parèy li yo. Lajan sa ta pral pete gwo eskonbrit sou Channmas la, kote mesye yo te prèske pete goumen. Anpil nan yo gen lyen ak bandi, anpil nan yo sèvi toutè tou k ap bay gang yo enfòmasyon 24 sou 24.

Pati ki pa pran lajan nan men bandi yo jwenn yon lòt mwayen pou yo jere tèt yo ki se fè pwopagann pou oungan, manbo epi malfektè. Se fason sa yo jere sa kèk blogè/jounalis jere pwomosyon pou kategori moun sa yo ka atire plis kliyan. Si nou fè yon ti laviwonn sou rezo sosyàl yo, n ap wè paj sa yo k ap simaye videyo kote oungan oswa manbo ap montre yon pil fo lajan ameriken pou pyeje sila ki pa gen bon konprann yo. Tout sa yo se move pratik, se manipilasyon ki pa respekte règ metye a.

Banatte Daniel ak Richelson Sénejuste pa premye jounalis yo fouke nan move zafè

Daprè ankèt nou mennen nan Direksyon Santral Polis Jidisyè (DCPJ), gen yon lòt jounalis ki rele Yvenert Silla Phanor ki nan prizon paske te gen yon alèt sou machin li. Sous la di nou li paka di nou chèf akizasyon an, paske se yon gwo ankèt k ap mennen ki ta sipoze debouche sou arestasyon plizyè lòt jounalis ak blogè ki nan move zafè. N ap fè tout moun konnen Yvenert Silla Phanor sa a, se jounalis ki te vini ak mouvman lapè nan premye sikonskripsyon Pòtoprens lan, kote gang Tibwa t ap toke kòn li ak gang Gran Ravin/Vilaj la.

Depi kèk ane pa gen gè ankò sou wout Matisan ak Fontamara a paske bandi yo fè lapè, yo mete tèt yo ansanm pou yo plimen pèp la pi byen. Si yon chofè machin ap sòti Pòtoprens pou li rive Lewogàn, l ap gen pou l peye nan prèske 7 pòs kontwòl bandi yo mete sou tout wout yo. Sa se youn nan pi gwo rakèt ki kenbe gang yo anvi aprè kidnapin, trafik dwòg epi trafik ògàn.

N ap raple medya anliy AyiboPost ki se youn nan medya ki espesyalize li nan ankèt te sòti yon atik jou ki te 20 me 2022 a, kote yo te devwale chèf gang Babekyou te voye yon anvlòp plen lajan pou te kontribye nan antèman 2 blogè nèg ak zam te touye nan zòn Laboul 12. Medya a te konfime nan atik la John Wesley Amadi ki se te youn nan blogè yo te ansasinen yo te fè pati ekip kominikasyon Jimmy Chérizier (Babekyou), epi li te konn takse medya entènasyonal yo ant $3000 ak $5000 pou chak entèvyou.

Fòk nou di tou gen anpil jounalis medya tradisyonèl yo k ap travay pou lòt gwo medya entènasyonal ki gen bon jan relasyon ak bandi yo tou. Se yo ki sèvi pon ant gang yo ak medya etranje.  Yo toujou ap bay bandi yo konsèy sou kijan pou yo jere imaj yo, sa vle di yo fè pati ekip kominikasyon gang yo.  Se pa sèlman John Wesley Amadi ki te konn jwe wòl sa sou teren an.

Kisa ki ka fèt pou frennen fenomenn jounalis-brasè yo ?

Pa gen okenn asosyasyon medya ki ka jere dezòd sa ki gen atè a, se sèl leta ki ka di yon mo final nan dosye sa. Kòm poko gen palman, annatandan egzekitif la ka sòti yon arete pou bay Ministè kominikasyon pouvwa pou kòmanse regilarize medya anliy yo ak blògè yo. Menm arete sa ta dwe monte selil pou bay KONATEL yon travay serye pou l fè, ki se kontakte gwo rezo sosyal yo yon fason pou yo efase kontni ki pa bon yo. Plen jèn gason ak jèn fanm ki gen konpetans ki ka ba nou yon bon travay nan sans sa.

Lapolis ak lajistis kote pa yo gen pou mennen gwo ankèt sou jounalis ak blogè k ap pibliye kontni sou bandi sèlman yo. Paske, si yon gwoup gang ap opere yon kote epi gen yon jounalis k ap pran videyo pou yo, sa vle di jounalis sa fè pati menm gang sa. Fòk biznis sa ki baze sou ensekirite a sispann, popilasyon an dwe patisipe nan mouvman pote plent pou videyo ak foto k ap fè pwomosyon pou gang yo.

Malgre tout sa k ap pase nan sektè a, gen anpil bon jounalis ki pa gen okenn rapò ak gang ni nan pran move lajan nan men moun. Genyen ki onèt men ki nan soufrans paske okenn sektè pa envesti nan travay yo.

Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024

Comments

commentaires

Nombre de vues: 1,223
Share on Facebook Share
Share
Share on Twitter Share
Share
Share on Google Plus Share
Share
Share on Pinterest Share
Share
Share on Linkedin Share
Share
Share on Whatsapp Share
Share
Share on Email Share
Share
Share on Viber Share
Share
Share on Sms Share
Share
Share on Messenger Share
Share
Tags: AHMLAyitiBanatte DanielBandiblogèCEMELensekiriteGangGetojounaliskoripsyonLapolismedya anliyRENAMELRichelson SénejusteYvenert Silla Phanor
Previous Post

SPNH-17 swete gwo chanjman fèt nan PNH la

Next Post

Lapolis nan Miragwàn arete 4 endividi pou trafik dwòg

Mag Haiti

Mag Haiti

Mag Haiti a pour mission d'informer, de distraire et de former les internautes à travers le monde. Comme tout organe de presse qui se respecte dans une démocratie, notre objectif essentiel est de fournir aux citoyens l’information exacte et fiable dont ils ont besoin pour fonctionner dans la société libre où ils vivent.

Next Post
Lapolis nan Miragwàn arete 4 endividi pou trafik dwòg

Lapolis nan Miragwàn arete 4 endividi pou trafik dwòg

Suivez-nous

youtube
follow
facebook
follow
twitter
follow
instagram
follow
soundcloud
follow
linkedin
follow

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Scandale à Miss Haïti Univers

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le béninois Axel Merryl met le compas en valeur dans le tube Lele Lala Lolo Lili

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le nom d’une première victime d’abus sexuels au Ranch de la Croix-des-Bouquets connu?

    0 shares
    Share 0 Tweet 0

Qui sommes-nous?

Mag Haiti

La société Médias MAGHAITI dont le siège social est sis à Port-au-Prince, immatriculée au registre du commerce d’Haïti au numéro 357 Reg. 103, est formée de trois (3) agences de Presse en ligne, soit Mag Haïti, Alolakay TV, T-check Haïti et de la compagnie Quiet Production.

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo?  (86,763)
  • Les dix jeunes Haïtiens les plus influents en 2018 (39,988)
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre (34,149)
  • Lapolis rive sezi 2 zam, 2 machin epi touye 4 prezime bandi nan vil Gonayiv (30,908)

Nouveaux Articles

  • Komite sanksyon ONU an sanksyone gwoup gang Viv Ansanm ak Gran Grif
  • Prezidan KPT a mande Premye minis Alix Didier Fils-Aimé rapò sou plizyè dosye leta enplike ladan yo
  • Leta ayisyen ak anbasad amerikèn kondane dife gang mete nan otèl Oloffson nan

RSS Fact Checker

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Subject:
Message:
Ajax loader
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Are you sure want to unlock this post?
Unlock left : 0
Are you sure want to cancel subscription?