Pòtoprens, jounen 25 desanm 2025 lan._ pa gen wout pa bwa, nou pa nan voye wòch kache men, Konsèy Prezidansyèl sa tounen yon kansè pou peyi a. Se menm ansyen magouyè politik yo ki t ap bw ase depi 35 lane ki retounen sou pouvwa a ankò. Se menm agranman yo, menm ti lolit gwo trip yo ki kontinye ap foure men yo jan yo vle nan kès leta a. Bagay la vin pi mal depi lè pati politik “Fanmi Lavalas” pran kontwòl Konsèy la epi kòmanse plase pyon pa yo nan tout bwàt leta a.
Tout moun dakò lide pou mete yon Konsèy Prezidansyèl ki gen 7 moun pa t janm nan ajannda politik aktè yo, yo te plis vle rete pi pre konstitisyon 1987 la ki fè se Lakou Kasasyon ki ta dwe pran kontwòl peyi a depi ta gen yon gwo vid nan leta a. Anpil moun dakò tou nan moman Ariel Henry te pran nan zatrap nan peyi etranje a, lajistis peyi Dayiti a te tèt anba, puiske anpil nan jij yo t ap naje nan koripsyon. Kidonk, nou te oblije bouche nen nou pou nou bwè fòmil blan an ki te pwopoze nou yon konsèy prezidansyèl ak menm politisyen ki trennen peyi a nan labou pandan 35 dènye ane sa yo.
Men, nou pa t gen chwa. Se te swa Konsèy sa, oubyen moun ki te vle pwoteje enterè bandi yo, ki pa lòt osnon Guy Philippe. Ki se yon ansyen machann dwòg ki te fenk sot pran prizon Ozetazini.
Manm Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon sa yo poko menm pran pouvwa a yo pwouve nou anyen pap chanje. Se menm ti vizyon zizirit yo, menm pouryanis yo, menm san konsyans yo ki retounen nan figi moun. Se yon bann brasè k ap pwofite yon moman feblès pou satisfè regwoupman politik ki nan mare sosis ak yo. Se pa nou k ap bay manti sou yo, se ògàn k ap lite kont koripsyon nan peyi a, ULCC, ki lonje dwèt li byen long sou Konseye Prezidansyèl Louis Gérald Gilles, Emmanuel Vertilaire ak Smith Augustin, epi yon ansyen anplwaye leta ki rele Lonick Léandre, kòm moun ki t ap fè demach pou vin bwase kès leta a.
Daprè rapò sa ki te sòti nan dat 2 oktòb 2024 la, ULCC di 3 konseye sa yo t ap fòse prezidan BNC a, Raoul Pascal Pierre Louis pou ba yo 100 milyon goud pou li te ka kenbe djòb li. Rapò a bay tout detay tankou kote bwasè yo te rankontre ansyen prezidan BNC a, nan otèl Royal Oasis nan chanm 408 jou ki te 25 me 2024 la. Raoul Pascal Pierre Louis ki te wè vòl sa t ap twò kri nan figi moun te refize demann lan epi pwomèt konseye yo l ap ba yo kat kredi pito, y ap ka prete lajan nan bank lan san pwoblèm oubyen l ap ba yo wè lis byen bank lan genyen li poko sèvi ak yo. Men sa ki pi enpòtan nan istwa sa, se dèske ansyen prezidan BNC a te gentan bay 4 mesye sa yo kat kredi yo ki genyen ant 13,500 a 20,000 dola ameriken, kote se ansyen direktè bank lan menm ki ta pral remèt lajan ki depanse sou ti kat yo.
Malgre tout avantaj sa yo Raoul Pascal Pierre Louis te bay 4 mesye yo, gouvènman defakto a te revoke l kanmèm epi se konsa zen an te vin pran lari. Pou li vanje tèt li, konsène a te voye yon lèt pou laprimati jou ki te 24 juillet 2024, kote li te denonse tout chantaj yo t ap fè l yo epi bay detay tou sou responsablite li nan zak koripsyon sa.
Malerezman ansyen Premye minis Garry Conille ki te pran pouvwa a gras ak negosyasyon menm Konsèy sa, te deside fè politik ak dosye sa yon fason pou li te mete yo sou kote. Poutan, 3 konseye yo kenbe nan koripsyon an te kanpe rèd kou ke makak, yo di yo gen iminite tankou tout prezidan, epi yo di se regwoupman politik ki te chwazi yo ki ka ranplase yo.
Garry Conille bat lestomak li 3 fwa li di li pap negosye ak moun ki nan koripsyon, li te menm refize demann Konsèy la pou te fè chanjman nan gouvènman li a. Men se te byen konte mal kalkile, paske aprè eleksyon ki te fèt Etazini 4 novanm ki sot pase la, bagay yo te chavire tèt anba pou Garry Conille. Blan ki t ap jere l yo pèdi pouvwa a, sa ki fè li menm tou li pèdi jòb li 6 jou aprè eleksyon kay gwo manman an.
Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an pran kontwòl pouvwa a nèt. Kounye a yo gen kontwòl tout bwàt leta a, yo mete Alix Didier Fils-Aimé kòm premye minis epi kenbe menm direktè jeneral la nan tèt Lapolis la, men rezilta yo pa janm chanje. Ensekirite ak lamizè kontinye ap feraye, bandi ap enpoze lalwa, sivil ak polisye ap tonbe tankou grenn lapli.
Nan tout listwa nou sot rakonte la yo, se popilasyon an ki toujou peye tout po kase yo. Pandan sèl ane 2024 la, bandi san fwa ni lwa fè plizyè masak sou pèp la, nou ka site masak ki te fèt Pon Sonde a nan depatman Latibonit 3 oktòb la. Gang « Gran Grif » yo te touye plis pase 115 moun, pami yo 2 ti bebe epi 71 timoun te sòti blese daprè yon rapò FJKL. Anplis sa, genyen tou masak Waf Jeremi an (Site Solèy), selon yon lòt rapò Nasyonzini te sòti jou ki te lendi 23 desanm 2024 lan, chèf gang Mikanò te masakre plis pase 207 ti granmoun melanje ak jèn moun nan zòn sa a. Gang k ap dirije zòn sa te akize granmoun yo kòm malfektè ki manje pitit chèf gang nan.
Ka ki pi mal la rive nan lopital Jeneral. Konsèy Prezidansyèl la ak tout gouvènman defakto Alix Didier Fils-Aimé a te anonse lopital la ta pral relouvri jou ki te madi 24 desanm 2024 la, gwo mobilizasyon te gentan fèt nan tout medya yo epoutan otorite yo pa t janm gen kontwòl zòn nan vre, oubyen nou ka di yo pa t byen negosye ak gwoup teworis « Viv Ansanm » yo. Rezilta : bandi louvri kout zam avan menm seremoni an tanmen, 2 jounalis ak yon polisye pèdi lavi yo sou plas, epi 7 lòt jounalis blese oubyen pran bal. Chans pou minis sante a, doktè Duckenson Lorthe Blema, li pa t mete pye, li te konnen byen negosiyasyon an pat fini.
Antouka, n ap toujou jwenn menm rezilta yo ak menm moun sa yo, paske se menm kowonpi yo, menm sadik yo, menm poupetwèl yo. Si nou vle chanjman tout bon, nou dwe chwazi opsyon « Taboularaza » a.
Malgre tout tribilasyon, n ap swete pèp yon jwaye nwel oubyen Bon Makaya ! Yon jou la jou !
Atik sa se pwopriyete prive © Gwoup Medya MAGHAITI 2024