Pòtoprens, jounen vandredi 5 jiyè 2024 la. Depi kèk semèn nou pa janm pale, nou la nou kanpe tankou obsèvatè eleksyon, n ap suiv mesyedam politik yo k ap fè jimnastik pou yo eseye jwen yon solisyon ak peyi sa k ap depafini sou pye a. Yon peyi jan ansyen diktatè François Duvalier te di a, ki tankou «yon sigarèt ki limen nan tou 2 pwent yo», sa vle di okenn moun pa ka fimen li vre.
Nan yon premye tan, blan yo ba nou yon fòmil “Konsèy prezidansyèl”, ki reyini reprezantan tout gwo pati politik yo sou menm tab nan objektif pou reprann kontwòl peyi a, sitou aprè sòti krab premye minis defakto Ariel Henry ak tout lòt akolit li yo nan ansyen gouvènman an. Nou pa t vrèman gen chwa, se te opsyon sa oubyen nou te aksepte bandi yo pran pouvwa a nan peryòd sa. Pa t gen anpil kritik, menm nou menm nou te rete sou poz yon fason pou nou te bay klas politik la yon lòt chans pou pwouve nou yo gen vizyon ak konpetans.
Nan yon ti tan ki pa t twò long, politisyen yo te pwouve nou yo pap janm chanje. Objektif yo se pran pouvwa a pa nenpòt ki mwayen. Anndan Konsèy la, yo te antre nan lojik chen manje chen an, youn t ap trayi lòt, yo pa t respekte pawòl yo epi youn t ap bòykote lòt yon fason pou yo te eseye pran kontwòl Konsèy la pou ti gwoup politik pa yo ka kontinye gagote.
Menm blan yo ki te ba nou fòmil «Konsèy prezidansyèl» la. ta pral vin ba nou yon dezyèm fòmil ki se retounen ak ansyen Premye minis Garry Conille pou kalme tansyon yo. Tout te rive aksepte dezyèm fòmil sa san bri san kont, paske pa t gen twòp opsyon sou tab la. Si nou entèlijan, n ap konprann chwa premye minis la anndan Konsèy prezidansyèl la antre tankou fo kòb. Garry Conille pran kontwòl aparèy Leta a ak otorite. Li pa kite okenn vid, tout moun fokis sou demach li yo, epi tou li bay laprès travay pou l fè.
Premye minis defakto a gentan rankontre anpil aktè sou teren an, li pa sispann miltipliye rankont yo nan entènasyonal la. Jan anpil moun di li : «Premye minis la ap pran nòt nan men entènasyonal la epi pou retounen vin resite leson yo an Ayiti». Se prèske menm sitiyasyon an nan lane 2004 aprè nou te fin voye Aristid ale, blan an te ba nou yon fòmil «teknokrat» ak premye minis Gérard Latortue epi prezidan poupetwèl, Bonifas Alexandre ki te la sèlman pou suiv Latortue ki t ap dirije.
Nou menm kote pa nou, nou swete leson Garry Conille ap resite yo ale nan enterè pèp la, nan objektif pou li pran yon ti souf anba lamizè ak ensekirite, pandan l ap evite manyen ti rès resous ak richès peyi a. Nou pap fè okenn vye akizasyon ki pa chita sou okenn prèv, men nou konnen deja depi w nan fè modèl kontra sa yo ak blan pou w pran pouvwa, se tankou w te fè kontra ak dyab, toujou gen pyèj, toujou genyen «ban m m ap ba w». Rive yon lè blan ap toujou foure pye li nan tyaka a, epi fò n pa bliye yo pou anpil nan sa k ap pase la nan bay baryè lib pou zam ak katouch antre nan peyi a.
Yon lòt kote, 400 polisye ki sòti nan peyi Kenya yo gentan antre nan peyi a pou ede lapolis la kwape ensekirite a. Anpil materyèl debake, anpil milyon ap debloke pou finanse fòs miltinasyonal la. Men, tout demach sa yo jouskaprezan pa tèlman ebranle bandi yo ki kanpe dan di atè a. Dayè, gang yo genyen kontwòl tout gwo vil yo, yo gentan twò alèz pou yo ta fè bak fasil konsa.
Pandan Premye minis defakto a Garry Conille deklare, se lapolis pa nou an ki gen pou konbat gang yo se pap fòs miltinasyonal la. Gang yo fenk sot fè yon masak nan komin Gresye semèn pase a, kote yo touye plis pase 20 moun pandan yo te ale reprann kontwòl komisarya Gresye a kote yo te pwofite kraze l ak gwo bakolodè. Se pa ti dosye piti. Yon gang ki rele «103 zonbi» melanje ak bandi Gran Ravin atake yon komisarya epi fè polisye yo lage pye yo ak kout bal.
Plis pase 20 kretyen vivan peri, se pa pwomès pou Garry vin fè la. Te dwe gen gwo demonstrasyon ki fèt pandan menm semèn nan. Jan Gérard Latortue te di sa : «Yo tire sou nou, nou tire sou yo tou». Nou pa dwe nan bere bandi.
Nan tout desizyon Garry Conille gentan pran yo, sa ki pi enterese nou se chwa retounen ak Normil Rameau nan tèt PNH la. Yon moun chèf Jovenel Moise te depoze atè tou dousman paske li pa t konpetan. Jodi a nou tounen ak menm nonm sa ankò. Se sou Rameau nou te konte divès masak sou popilasyon an nan Bèlè, Site Solèy, ak Lasalin. Se sou Rameau tou gang yo te mete tèt ansanm pou te fòme federasyon G9 an fanmi e alye… Ebyen 4 lane aprè, Garry Conille tounen ak menm moun sa kòm solisyon ak ensekirite a. Nou rale ti chèz ba nou n ap suiv!
Nou menm kòm patizan lapè ak lajistis, nou la n ap suiv, n ap veye gòl ak men, n ap veye manipilasyon ak abi pouvwa. Wi nou renmen lapè, wi nou vle lapè… men, avan nou rive nan faz sa, fòk gen yon gwo netwayaj ki fèt nan peyi a pou frennen kansè gang sa a.
Si bandi ki se fòs fènwa kanpe goumen, kòman pou fòs legal yo ak sitwayen onèt paka fè l tou? Lontan, bandi yo te gen 2 opsyon : prizon oubyen simityè. Kounya, tout prizon kraze.
Kreyòl pale kreyòl konprann !
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024