Pòtoprens jou ki te 1e dawout 2022._ Sa fè kèk lane depi n ap suiv ajisman ansyen rapè Barikad Crew a sou rezo sosyal yo, li joure moun li vle, li manke atis ak animatè dega lè li vle, sitou sila li menase l ap bat epi lòt li menase l ap fè tire. N ap sonje Fantom te savonnen moun ak betiz nan yon ti chita pale ak animatè Gandhi t ap fè sou dosye rap kreyòl; aprè yon lòt tan li te joure animatè BS nan emisyon Pipo St Louis t ap fè sou paj Facebook li. Epi nan dènye jou sa yo nou ka konstate li pran plezi nan menase animatè Carel Pèdre an piblik.
Nan yon videyo ki te fè anpil bougonnen sou rezo sosyal yo, Fantom te pwomèt l ap bay Carel 2 BB ki se Baton oubyen Bal. Semèn sa ankò nan yon lòt videyo atis la pibliye sou entènèt la, li joure byen joure chèf redaksyon jounal Le Nouvelliste la Frantz Duval, epi tou pwofite lanse plizyè menas kont animatè Carel Pedre : “Ou wè si nèg yo pa tire w konnen mwen pa rele Fantom”, se sa l di nan videyo. Anplis, li ajoute : “Carel gen pou l mouri nan menm, m ap kase kou sa…”
Se pa premye fwa atis sa ki rele tèt li Papa rap ap menase moun epi di sa l vle ak bouch li, pandan li pa respekte ni gason ni fanm. Anplis, plizyè fwa Fantom pale sou relasyon anmourez li te genyen avèk Rutshelle Guillaume, Misty Jean epi Bedjine sou entènèt la, atis la mete tout ti sekrè medam yo deyò, detay ki toujou mete atis fanm sa yo nan ti soulye yo. Li rakonte yon pakèt istwa, tankou se li ki mete medam yo nan pozisyon sa, se tankou medam sa yo dwe toujou rete anba vant li pou l fè sa li vle avèk yo tankou ti jwèt seksyèl. Bagay yo paka konsa, aksyon sa rele “ti jennjan jako pye vèt”, paske sak fèt nan CARIMI ta dwe ret CARIMI (si se verite).
Chak lè rapè a atake yon moun sou entènèt la, anpil nan fanatik li yo toujou di se kleren k ap fè l aji konsa, gen lòt ki di se depi lè yo koupe viza ameriken li an li varye, yon lòt pati di se depi lè li te pran nan kouran nan defile kanaval 2015 lan tèt li pati. Men si se vre tèt atis la ta pati fanmi l gen pou devwa pou yo fèmen l yon kote pou l suiv tretman pou evite l fè plis dega. Epi yo ta dwe retire telefòn sa nan men atis la ki kite ray la depi kèk tan.
Si se bòz atis la anvi fè, taktik sa pa bon menm epi estaf li dwe rekalkile bagay yo.
Poukisa pou nou t ap denonse bandi tankou Izo, Kris La, Lanmò 100 jou, Babekyou sou rezo sosyal yo epi pou n ap tolere Konpòtman delenkan sa kay Fantom? Si n ap byen analize Fantom reprezante plis yon menas pou sosyete a kòm li se yon atis ki gen popilarite epi notoryete nan mouvman Rap Kreyòl la. Fantom reprezante yon idòl pou anpil jèn gason ak jèn fi k ap suiv li pou tout sa li reyalize nan domèn mizikal la. Fantom se moun k ap enfliryanse jenès la yon fason negatif, kidonk nou paka aksepte sa. Yon sosyete ki deja pouri ak bandi, kote gang gen kontwòl chak kawo tè nan peyi a, nou paka ap tolere jan deriv sa yo.
Anplis, nou paka pa pale sou gwo akizasyon Fantom gen sou do li, kòmkwa li ta yon gwo chèf nan òganizasyon kriminèl ki rele “Baz Pilat” la. Anpil moun k ap suiv atis la rete kwè si Fantom pa te nan koze mizik li t ap kenbe zam menm jan ak ti mesye Ti bwa ak Gran Ravin ki toujou ap toke konn yo.
Atis la bay moun sa yo rezon nan videyo menas li t ap voye bay yon moun, kote li te chaje ak nèg an sivil dèyè do l ki te gen yon pakèt zam lagè nan men yo. Atis la fè aksyon sa pandan l ap viv Sendomeng, aprè li te fin kouri pou nouvo gè ki ta pral eklate nan Matisan an.
Pi gwo pwoblèm nan dosye sa se paske gen yon pakèt moun sou rezo sosyal yo ki tounen avoka atis la malgre zak malonèt li yo. Moun yo twouve atis la ap defann yon bon koz, sa vle di li ka aji jan li vle, li ka menase moun li vle, lè li vle. Si sosyete a ap tolere Fantom nan fason sa li ta dwe tolere chèf gang Izo tou, paske selon li menm li se atis tou epi l ap defann zòn li, l ap fè sosyal. Ala de salmanaza papa!
Nan nivo ensekirite nou rive nan peyi a, nou ta sipoze veye tout ti detay sa yo ki gen anpil konsekans negatif sou moun ki pa fin gen bon konprann. Nou ta sipoze denonse tout bandi, tout moun k ap fwote ak bandi, tout moun ki nan tranzaksyon ak bandi, tout moun k ap bay gang yo zam, tout moun ki nan leta k ap badijonnen nan koripsyon. Nou ta sipoze bòykote tou tout vye mizik k ap ankouraje vyolans, tout atis ki nan fwote ak bandi, tout atis k ap fè lajan ak bandi. Paske, si nou pa sispann koze tolerans sa Ayiti ap peri.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2022