Pòtoprens jou dimanch 26 fevriye 2023 a._ Depi kèk lane n ap asiste ak yon lèse ale nan sosyete a ki sanble ak yon ti bouton ki vini debouche sou yon kansè. Menm jan ak tout bwat leta yo ki kraze plat atè, se konsa anpil garan nan kominote yo tankou legliz, lekòl, inivèsite, fanmi epi laprès pa jwe wòl yo ankò. Anpil moun di peyi a nan pann moun, anpil lòt di nou paka desann pi ba pase jan nou ye la. Men, nou sezi wè peyi a ap kontinye depatcha pakanpak.
Nou pa vini pale sou leta ayisyen la, paske nou toujou di pi gwo pwoblèm peyi a se Koripsyon, men nou tout konnen koripsyon se chwal batay tout politisyen ak tout dirijan ki pase nan tèt peyi a. Batay kont koripsyon an vin prèske enposib, paske popilasyon an makònnen avèk li tankou yon pratik ki nòmal. Koripsyon an vini sou tout fòm: lajan anba tab, kontrebann, moun pa, detounman lajan ak byen piblik, fwod, abi pouvwa, pwostitisyon, elatriye.
Anpil istoryen remonte depi nan premye gouvènman peyi a te konnen pou yo eseye retrase koze koripsyon sa. Gen istoryen ki di se depi sou Desalin bagay la te kòmanse mabyal, paske papa nasyon an te fenk libere peyi a nan esklavaj li pa te ka ale twò bosal ak gwo zotobre ki te ede l goumen yo. Desalin te konstate fenomèn lan men li pa t gen twòp solisyon pou l te ralanti li, men li te kanmenm avèti koriptè yo pou li di: “Plimen poul la, men pa kite li rele”.
Nou ka entèprete pawòl sa nan 2 sans: vòlè an silans, oubyen bwase -bwase nou, men si nou kite m kenbe nou m ap trase egzanp sou nou.
Aprè zak ansasinay anperè Desalin, koripsyon an te tounen youn nan pi gwo zam prezidan Pétion. Dyòl li te dous, li te gen odas epi li te trèt. Pétion se moun k ap fin voye fizye w, epi se premye moun k ap vin pran kriz nan antèman an. Se sa ki fè anpil moun toujou konpare ansyen prezidan Jean Bertrand Aristide ak Alexandre Pétion, yo te gouvène prèske menm jan.
Yon lòt kote modèl gouvènans Henry Christophe ki t ap dirije Nò peyi a, te trè diferan avèk pa Pétion an nan zafè batay kont koripsyon. Se vre Christophe pa te janm popilè epi l te yon gwo diktatè, men li te pran anpil mezi pou li te devlope teritwa l t ap dirije yo (gran Nò), kontrèman ak Pétion ki t ap gagote nan pati Sid peyi a. Christophe te plis pa te popilè akòz politik agrikòl li ki te baze sou kòve, tankou moun nan Nò yo t ap travay tè epi dirijan yo pase yo pran sa yo vle oubyen yo di rekòlt sa se pou yo. Ak benefis li te fè nan travay fòse sa yo, Christophe te sèvi ak yo pou konstui lekòl piblik, konstui gwo edifis tankou Sitadèl Laferyè ak Palè San Sousi pou pwoteje peyi a kont atak fransè yo.
Gouvènman ale, gouvènman vini se toujou menm penpenp lan nan koze koripsyon. Ti nèg ap brase lajan ki pa pou li, chak administrasyon ki monte kreye nouvo rich. Men, youn nan pi gwo eskandal ki te pase nan istwa Dayiti se te evenman nou tout konnen sou non “Pwosè konsolidasyon” nan ane 1904, kote leta Ayisyen sou prezidan Nord Alexis te jije epi kondane yon bann moun ki te sakaje kès leta a.
Aprè gwo travay sa lajistis Ayisyen te fè kont koripsyon, 3 pami moun ki te kondane yo ta pral menm rive prezidan peyi a, nou vle fè referans ak Vilbrun G. Sam, Tancrède Auguste epi Cincinnatus Leconte.
Lè 3 vòlè vin rive Prezidan yon peyi, se prèv sistèm koripsyon an bon sou tout fòm jistis sosyal. Se pi gwo kalòt peyi a te ka pran nan men fòs fè nwa yo.
Malgre sa nou pa janm pran konsyans kòm pèp epi menm erè yo kontinye repete.
Menm si gen anpil moun nan ansyen jenerasyon an ki toujou ap eseye defann rejim Duvalier a ki t ap dirije peyi a pandan prèske 30 lane, gras ak yon diktati fewòs, istoryen yo pwouve nou François Duvalier ak pitit li Jean Claude Duvalier ak tout akolit li yo te vòlè yon gwo sòm lajan nan kès leta ki ka estime nan 120 milyon dola Ameriken. San nou pa bliye gwo kay mesyedam ki te nan rejim sa te achte nan peyi etranje ki estime avèk plizye milyon tou. Si yon moun ta vle demanti listwa, ale poze kèsyon avèk kèk responsab bank nan peyi Lasuis ki sezi yon pati nan lajan sa yo.
Epi Duvalier yo te mete sou pye yon fòs paramilitè ki te rele “Tonton makout” pou kraponnen epi touye tout moun ki te kanpe kont yo.
Kidonk rejim Duvalier a te sèvi ak koripsyon epi anpil vyolans pou li te dirije Ayiti pandan prèske 30 lane.
Men, koripsyon an ta pral pran yon lòt nivo ak rejim Lavalas la nan ane 90 yo, kote sou administrasyon mesyedam sa yo, machann dwòg t ap feraye. Kote ou te konn jwenn moun yo sispèk ki nan move zafè te konn ap peye Lapolis pandan plizyè mwa, machin palè nasyonal ap pase ranmase lajan nan tout zòn ki te konn gen bwas dwòg ak lajan sal. Palman an te vin tounen yon anbasad pou bwasè ak raketè.
Pou jere pouvwa yo, rejim Lavalas la te kòmanse ak pratik bay zam nan geto ki vin debouche ak fenomèn gang ki anpeche moun viv kounya. Nou sonje sou Lavalas te gen anpil gwo chèf gang ki te konn fè aktyalite, tankou Amaral Duclona, Evens ti kouto, Kolibri, Dread Wilmé, Ronald Kadav, Labanyè, Somoza…
Site Solèy ki gen 32 katye te tounen pi gwo baz gang sa tout moun te konn rele chimè. Chak katye te gen yon chèf, ki te ka pran pwòp desizyon pa yo paske se yo ki te reprezante dirijan. Leta te konn ba yo finansman nan bwat leta yo tankou afè sosyal, Ministè Enteryè, ONA, epi ba yo ekipman tankou machin Teleco, machin palmantè yo pou yo fè zak.
Rejim lavalas la se youn nan rejim ki pi kowonpi nan listwa peyi a.
Finalman nou pral jwenn rejim Tèt Kale a ki pral kontinye ak pratik bay zam nan katye popilè yo epi maspinen kès leta a. Depi nan eleksyon 2010 yo tout moun te konn wè foto kandida Michel Martelly ak chèf gang yo nan katye popilè yo. Anpil gang ki te deja enstale nan katye yo Martelly te vin mete yo anba zèl li, li pral fòme sa ki rele “bandi legal” yo ki pi frajil pase sa ki pye blanch yo. Sa yo se bon mafya, nèg sèvo, nèg ki pase nan gwo lekòl epi inivèsite ki mete tèt yo ansanm pou yo plimen peyi a.
Youn nan pi gwo eskandal lajan ki eklate nan Amerik la pou syèk sa pase sou prezidans Michel Joseph Martelly, sa nou rele “Dilapidasyon lajan Petwokaribe” a, kote mesyedam sa yo boule 3.8 milya dola nan benefis sou gaz peyi zanmi nou Venezyela te ba nou. Rapò koudèkont lan lonje dwèt sou plizyè gwo zotobre ki t ap dirije peyi a tankou ansyen Prezidan Martelly, ansyen prezidan Privert, Jovenel Moise (lè sa li te biznisman) ansyen premye Minis Laurent Lamorthe ak Jean Marc Bellerive, ansyen senatè dominiken Felix Baustista, ansyen minis Stéphanie Vildroun, Jack Gabriel… pou nou site sa yo sèlman.
Men kontrèman ak pwosè konsolidasyon an, pa gen okenn jijman ki rive fèt nan dosye Petwokaribe a, malgre tout leve kanpe ki te fèt nan 4 kwen peyi a.
Sou gouvènman Jovenel lan lajistis te andikape, anpil moun ki t ap dirije nan epòk sa te konn brase epi te nan zanmitay ak moun rapò yo akize yo. Se yon veritab pwason kraze nan bouyon.
Pou kounya peyi a sou poz, nou pa bezwen espere ap gen okenn aksyon kont koripsyon sou gouvènman defakto Ariel Henry a, ki li menm tou baze sou koripsyon. Premye minis lan fin jwenn sipò Kògwoup la pou l pran pouvwa a, li bay chak manm ki te nan opozisyon anfas Jovenel yo kenbe yon zo epi l achte silans yo. Pa gen palman, pa gen okenn ògann kontwòl k ap fonksyone, mesyedam Ariel yo ka foure men yo pran jan yo vle.
Men nan mitan katchouboumbe sa, tout sitwayen konsekan konnen veritab batay la dwe fèt kont koripsyon anvan. Se koripsyon ki poumon sistèm lan, se li ki bay brasè yo lajan pou yo toujou pwospere.
Nou dwe kòmanse montre timoun yo kijan pou yo batay kont fenomèn sa k ap kraze peyi a, tankou si nou pral fè yon pyès idantite pa bay lajan anba tab, pran liy tankou tout sitwayen onèt. Nou dwe denonse tout pwomosyon k ap bay an zanmitay nan bwat leta yo ak nan sektè prive a. Nou pa dwe manje nan lajan sal, lajan ki fèt nan rakèt, dil dwòg ak kidnapin.
Si yon timoun al lekòl ak 2 plim ou menm kòm paran ou wè li retounen ak 5, ou dwe poze l kesyon kote li jwenn 3 lòt yo. Se yon dwa, se yon devwa!
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023