Pòtoprens, jounen samdi 8 mas 2025 lan._ Se toujou menm pwomès yo, menm aktè yo ki toujou akouche menm rezilta yo. Reyalite sa pa te diferan pou 2yèm prezidan Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (KPT), Leslie Voltaire, ki te fè yon dividal pwomès pandan envestiti li a kòmkwa li te gen bon jan fòmil pou te mete bout ak divès kriz peyi a ap fè fas la. Ebyen sa te fini trè mal, jan moun Tik Tok yo renmen di l la.
Si listwa gen pou li sonje, l ap kenbe Edgard Leblanc Fils kòm premye prezidan Konsèy la ki te bay yon bèl diskou nan Nasyonzini jou ki te 26 septanm 2024 la. Jou sa a, li te fè ekip Donald Trump lan, ki te nan kanpay prezidansyèl, sonje sòlda ayisyen te patisipe nan batay Savannah nan lane 1779. Leslie Voltaire menm, nou gen pou nou sonje li kòm moun ki te kouri al lave imaj li ak yon ti ayewopò rejim Lavalas la te konstui sa gen 20 lane.
Pami tout pwomès Leslie te fè pandan li t ap envesti kòm prezidan Konsèy prezidansyèl la 7 oktòb 2024 la, li te di li pral fè yon jan pou li atire plis envestisè etranje, konsantre tout jefò li pou kreye travay pou jèn yo, travay pou sere lyen zanmitay ak lòt peyi yo, travay pou fè plis wout, batay pou lapè epi mete estrateji pou libere zòn pèdi yo. Pi gwo pwomès reprezantan Lavalas la te fè pèp la se te nan dat 21 janvye 2025 lan, kote li te pwomèt avan manda 5 mwa yo ba li a fini l ap debloke youn nan wout nasyonal yo kote bandi yo fè sa yo vle.
Ofinal, Leslie pa remèt anyen. Poutan, li te mete bèl kostim li sou li jou ki te vandredi 7 mas 2025 lan pou l te pase pouvwa a bay Fritz Alphonse Jean. Li te tou pwofite prezante yon ti bilan tou mèg, kòmsi li te gen rezon.
An gwo, men kisa ki te gen nan bilan li a: enstalasyon Konsèy Elektoral Pwovizwa a, fòmasyon yon nouvo gouvènman ak yon nouvo premye minis, nominasyon nouvo anbasadè, jij, delege ak ajan enterimè, kòmand materyèl pou Lapolis ak Lame, kreyasyon yon taks fòs, arestasyon plizyè zotobre ki ta nan finanse gang (Magalie Habitant, Profane Victor), yon arete pou kreye yon sant dakèy pou timoun ki nan gang yo, aktivasyon komite dezameman an, agrandisman ayewopò Jakmèl la ak sa Okay la, vizit prezidan kolobyen an nan Jakmèl, rankont li ak prezidan Lafrans lan, Emmanuel Macron, epi vizit li te bay Pap François a.
Men bilan yon moun ki sot pase 5 mwa nan tèt yon peyi prezante bay yon piblik ; pèsòn pa replike. Leslie Voltaire pa bay okenn rapò sou konbyen lajan li te depanse pou te kouri fè travay nan ayewopò Okay la avan li te pase kòn nan, li pa bay rapò tou sou 536 milyon goud ki te debloke pou kanaval Fòlibète a ki te vin anile. Gen anpil depans ki fèt ki dwe jistifye, sa yo dwe toujou antre nan bilan yon dirijan.
Pou nou fè yon ti pale sou ayewopò Okay la, n ap di tout moun pa te gen inogirasyon. Paske, pwojè sa gen plis pase 20 lane depi pouryanis ap manje lajan sou tèt li. Se te gouvènman Jean Bertrand Aristide la ki te kòmanse l nan lane 2002 yo avèk lajan ki te sòti nan trezò piblik la. Men, kòm Aristide te pran koudeta an 2004 li pa te gentan inogire l. Se gouvènman teknokrat ansyen Premye minis Gérard Latortue ki te gen chans inogire l jou ki te 7 me 2005 lan, san yo pa te regle anyen nan pwojè sa. An 2007, Taïwan te bay Ayiti 28 milyon dola vèt pou te finanse pwojè wout nan vil Okay yon fason pou te mete ayewopò a an valè.
Fòk nou di, moun ki dechèpiye lajan pwojè sa plis se mesyedam PHTK yo ki te debloke plis pase 29 milyon dola vèt pou te remanyen li atravè fon Petwokaribe a. Lajan sa menm boule pi mal pase bòz nan mitan bandi legal yo ant fevriye 2013 rive jis mwa dawout 2014. Rapò koudèkont te sòti, anpil akizasyon te fèt, men anyen pa janm fèt pou koupab yo peye krim yo.
Jodi a anpil moun ap kritike rezilta Leslie Voltaire bay pou ayewopò Okay la, san yo pa konnen se 3 rejim politik ki mete ansanm pou dechèpiye lajan pwojè sa pandan 20 lane. Li nòmal pou Ayisyen pete koken, paske an 2025 nou paka aksepte yon batiman konsa ak ti fenèt an mi ki tou sanble ak kalòj. Dayè ayewopò a pa reponn ak okenn reglèman entènasyonal yo. Pis aterisaj la mezire 1 857 mèt, alòske li te dwe mezire 2 200 mèt.
Pou nou tounen nan dosye dirijan poupetwèl yo, Leslie Voltaire fè yon ti pas bay Fritz Alphonse Jean ki vin jwe wol prezidan konsèy la kounye a. Nan yon lane nou pase 3 prezidan gras ak fòmil OEA sa, kòman nou vle pou lòt nasyon pran nou o serye!
Pandan envestiti li a, Fritz Jean ki reprezante akò Montana a nan KPT a sot fè yon pakèt pwomès li pap menm ka fè pandan 5 mwa pa li a vre. Dayè rès moun nan akò li reprezante a pa nan tete lang ak li ankò, yo tout pran distans yo.
Nou la, n ap tann yon lòt bilan menm jan ak pa Leslie a oubyen ki ka pi mal. Se krab k ap dirije nou !
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2025