Pòtoprens, jou dimanch 12 janvye 2025 lan._ Jounen 12 janvye 2010 la pap janm efase nan memwa ti pèp sa ki toujou ap pase mati. Yon jou tankou jodi a, yon tranblemantè 7,3 te frape depatman Lwès la kote 222,570 moun te pèdi lavi yo, 300,572 moun te sòti blese epi plis pase yon million lòt t ap dòmi nan lari. Moun ki te gen bon konprann nan peryòd sa ap toujou sonje imaj viktim ki te anba dekonm yo, imaj kadav ki te anpile pil sou pil bò lari yo ak imaj kapital la ki te kraze plat.
Nan gwo dram sa, prèske chak fanmi te gen yon manm yo ki te fè vwèl pou peyi san chapo oubyen ki vin ap viv ak yon andikap. Chak moun ki te gen bon lespri ap toujou gen souvni moman nwa sa, kote tout moun t ap poze tèt yo kesyon « kijan nou pral fè viv aprè sa ? ». Men pèp Ayisyen se wozo, menm si li pliye li pap kase. Malgre tout difikilte sa yo, nou te jwenn kouraj pou nou te kontinye viv san nou pa janm ko rive rekonstui peyi a vre.
Aprè gwo katastwòf natirèl sa te fin frape peyi a, prèske tout lòt nasyon yo te mete ansanm pou te pote nou sekou paske nou pa t ka danse dans sa poukont nou. Nan moman sa se Ayiti ki t ap fè aktyalite, tout medya entènasyonal yo te fokis sou nou, sa ki ta pral motive ONG yo, òganizasyon charite yo ak lòt gouvènman yo nan rasanble lajan pou te ede nou reziste.
Daprè yon jounalis ameriken ki rele Jonathan M. Katz ki t ap suiv dosye sa byen, li estime rès mond lan te pwomèt antou 16,4 milya dola vèt pou te ede viktim yo relanse yo epi pou te rekonstui peyi a. Nan yon liv li ekri ki rele « How the World Came to Save Haiti and Left Behind a Disaster », li eksplike Kanada poukont li te bay 657 milyon pou te ede Ayiti 20 mwa aprè goudougoudou a, men gouvènman ayisyen an te resevwa sèlman 2% nan lajan sa. Sitwayen kanadyen yo poukont pa yo te mete ansanm epi bay ONG yo 220 milyon dola pou yo te ka ede Ayiti.
Yon lòt kote, konseye espesyal sekretè jeneral ONU nan koze lasante nan epòk la ki se Doktè Paul Farmer te konstate, nan 13.34 milya dola ki te pwomèt la se sèlman 6,43 milya ki te rive dekese. Anplis, li estime senp sitwayen yo ak antrepriz yo te prouve yo bay 3.6 milya dola, ki t al jwenn ajans Nasyonzini yo ak ONG yo. Sa bay yon total 9.49 milya dola ameriken ki te sifi pou mete peyi a sou bon ray devlopman. Men, se pa sa ki rive fèt vre, lajan sa pase tankou dife nan chan kann.
Aprè goudougoudou a, chak òganizasyon te vini ak plan pa yo epi pwòp ajannda pa yo tankou se nan yon jaden yo t ap antre. Anpil lajan te gaspiye, anpil depans initil te fèt epi tou se te moman pou tout moun te benyen nan dlo koripsyon an, pandan moun ki te nan bezwen tout bon vre yo pa te vrèman jwenn asistans. Te gen anpil ti pwojè ki pa t kanpe sou anyen, tankou ti pwojè pou mete moun anba tant ak ti kalòj an bwa alòske moun yo te bezwen bon kay pou yo te rete. Youn nan pi gwo echèk rekonstriksyon an se pwojè Kanaran an ki vin transfòme an geto, kote se chèf gang Jeff ki ap dirije l kounye a.
Pou pran kontwòl lajan èd yo, yo te mete sou pye yon enstitisyon ki rele CIRH (Commission Intérimaire pour la Réconstruction d’Haïti) nan mwa avril 2010. Li te gen ladan l reprezantan òganizasyon entènasyonal yo, reprezantan leta ayisyen an, reprezantan kominote entènasyonal yo. Nan tèt Komisyon sa te gen 2 moun kòm prezidan, se te ansyen Prezidan ameriken an, Bill Clinton ak Premye minis ayisyen nan epòk la, Jean-Max Bellerive. Anpil eskandal koripsyon te eklate an Ayiti ak nan rès mond lan sou jan komisyon sa t ap jere pwojè yo, moun sa yo se te depanse pil lajan san bay okenn bon rezilta.
15 lane aprè evènman 12 janvye 2010 la, konsta a klè. Nou rate grenn chans pou n te rekonstui Pòtoprens ak lòt komin ki antoure l yo. Nou rate tou chans pou nou te desantralize peyi a yon fason pou nou te mete plis biwo leta nan lòt depatman yo. Kontrèman ak sa nou te espere, menm yon bon wout nou pa jwenn nan lajan sa, menm yon bon lopital pa konstui, pa gen okenn nouvo kay ki fèt ki respekte prensip yo. Menm yon moso blòk pa poze pou te refè Palè Nasyonal ak katedral Pòtoprens lan ki se 2 moniman istorik nan kapital la.
15 lane aprè, nou konstate se plis geto ki donnen, vin gen plis mizè nan peyi a epi ensekirite blayi kò l tout kote. Nan Pòtoprens, se sèlman zòn Kanapevè, Kriswa ak Boudon ki poko tonbe sou kontwòl gang yo. Komin Petyonvil ap reziste toujou akoz gen moun ki gen ti mwayen ki abite la. Dèlma prèske fin tonbe, sof zòn anwo yo ki plizoumwen san gwo danje. Site Solèy menm tounen yon gwo prizon ki gen plis pase 500.000 moun ladan l ; moun sa yo paka pale ni aji san pèmisyon chèf gang k ap dirije yo. Kwadèboukè ak Taba pa bon menm, gang 400 mawozo ak lòt zakè mete tout moun ajenou. Matisan ak Maryani menm antoure ak bandi ki vin paralize komin Kafou. Se yon konsta dezolasyon total, se sa nou ka rele kawo a.
Sa ki pi mal la, jounen jodi a si ta gen yon goudougoudou ki frape kapital la ak menm fòs la ankò, ap gen plis moun ki mouri ak plis dega toujou paske nou rekonstui pi mal pase avan 2010, puiske jounen nou vin pi pòv. Epi tou, ak fenomèn kouri pou bandi a kay yo vin gen plis moun ladan yo. Menm yon bon omaj nou paka bay mò yo, nan dat 12 janvye sa nan zòn Titanyen, kote leta ayisyen te fouye fòs komin pou te antere yon bon kantite kadav. Bandi Kanaran yo achte zòn sa lajan kontan, menm pase w ap pase fòk ou negosye ak yo.
Pandan 15 lane ki sot pase yo, nou pran goudougoudou an janvye 2010 ki fè plis pase 222.000 mò, nou pran siklòn Sandy an 2012, siklòn Matthew an 2016, siklòn Laura an 2020 epi yon lòt goudoudgou 7.2 ki te ravaje Sid peyi a nan mwa dawout 2021 an. Nou ka di, Ayiti se yon peyi ki toujou sou menas katastwòf natirèl yo, poutan li pa janm pare pou fè fas ak yo. Tout sa se akoz move dirijan epi move pratik tankou koupe pye bwa san rete epi al fè kay nan zòn ki danje yo.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2025