Fanmi ak avoka jounalis Jocelyn Justin ki te viktim anba bal bandi 24 desanm 2024 la nan lopital Jeneral anonse y ap pousuiv devan lajistis ansyen minis Sante a, doktè Luckenson Lorthe Blema. Avoka viktim nan ki akize doktè neglijans pou dram sa, enfòme yo deja depoze yon plent kont li nan pakè Pòtoprens.
Mèt Ismond Jérôme ak Marion Ernst ki se avoka jounalis lan te rankontre ak laprès pou te bay detay sou demach yo a. Se pou sa, yo fè konnen yo deja ekri manm gouvènman an pou pale eksplike sitiyasyon difisil Jocelyn ap viv depi aprè 24 desanm nan. Bò kote pa l, mèt Ismond Jérôme di l enfòme otorite yo travayè laprès la bezwen jwenn bon jan swen poutan, doktè nan peyi a paka reponn puiske viktim nan dwe fè yon dezyèm operasyon.
Bò kote mèt Marion Ernst, li deklare dosye sa a gen yon aspè penal ak sivil e te pwofite prezante devan laprès yon rekèt yo depoze nan pakè a kont ansyen minis lan. Dokiman sa, daprè sa l eksplike, genyen ladan l foto Jocelyn ki sou kabann lopital ki ap soufri.
Nan sans sa defansè jounalis Chandelle info a ki te gen ak li Nahomie Justin, gran sè viktim nan, di yo ap pousuiv minis lan yon fason pou viktim nan ka jwenn reparasyon. Yon fason pou responsab dram sa pran chaj zak sa a.
An menm tan, mèt Marion ak mèt Jérôme mande otorite yo ede jounalis medya anliy lan pou al pran swen li merite nan peyi lòt bò dlo.
N ap raple, Jocelyn Justin te pami 7 lòt jounalis ki te sòti blese nan atak gang yo te fè sou lopital Jeneral la. Atak sa te lakoz 2 jounalis ki se Marckendy Natoux ak Jimmy Jean epi yon polisye fè vwèl pou peyi san chapo.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2025