Jij Emmanuel Lacroix ki t ap pwononse ayè lendi 16 jen 2025 lan sou ansasinay Prezidan Jovenel Moïse la, envite plizyè gwo pèsonalite pou kapab tande yo apati mèkredi 18 jen k ap vini la. Pami moun sa yo nou jwenn ansyen premye dam nan, Martine Moïse ansyen premye minis Claude Joseph, Jeantel Joseph, Dimitri Hérard, Ardouin Zéphirin, Léon Charles ak Renald Luberice.
Envitasyon sa yo vini aprè lakou dapèl te fin tande 17 Kolonbyen ki akize nan ansasinay ansyen Prezidan Jovenel Moïse la sou òdonans jij Walter W.Voltaire. Fòk nou di, pandan odyans ayè a jij yo te sèlman tande 2 denyè sitwayen yo potko tande yo ki se Alejandro Zapata ak Jhon Jadel Andela.
Nan kad dosye sa a avoka enkilpe yo, Me Frantzia Altidor mande pou jistis fèt. Paske li fè konnen kliyan li yo pa nan okenn asosiyasyon malfektè ni pa t nan konplotay sou ansyen chèf leta a.
« Nou ap mande pou jij la bay yon desizyon ki an favè mesye yo paske tout deklare yo inosan, yo pa repwoche tèt yo anyen sou krim yo t ap vin touye yon prezidan. Nou espere jistis fèt paske mesye yo pran nan yon anak », daprè deklarasyon avoka a.
N ap raple, se pa premye fwa yon jij envite ansyen premye dam nan. Men, li toujou pa janm prezante l malgre li deklare li bezwen jistis pou defen mari li.
Atik sa se pwopriyete prive © Gwoup Medya MAGHAITI 2025