Pou bay yon repons ak desizyon Gustavo Petro te pran pou pa t aksepte avyon ki te pote migran sot Etazini yo, prezidan Donald Trump anonse jodi dimanch 26 janvye 2025 lan, li deside pran sanksyon kont Kolonbi nan plizyè domèn.
Prezidan Donald Trump kalifye desizyon Gustavo Petro a kòm yon danje pou sekirite nasyonal ak sekirite piblik Etazini. Se pou sa, li deside pran 25% sou machandiz k ap sòti Kolonbi, pandan l menase pou l monte pousantaj la ak 50% nan yon semèn ankò.
Anplis mezi sa, Donald Trump deside retire viza tout ofisyèl kolonbyen yo, sa ki fè li tou mete entèdiksyon pou kèlkeswa ofisyèl kolonbyen an pa antre sou teritwa ameriken an. Yon lòt kote, li deside tou pou pran sanksyon finansyè ak bankè kont Kolonbi.
Daprè detay li bay nan pòs li fè sou kont X li, Trump tou avèti Kolonbi pou di mezi sa yo se yon kòmansman. E jistifye tèt li pou eksplike desizyon sa yo pran akoz li estime otorite kolonbyèn yo vyole obligasyon politik ak jiridik yo genyen lè yo pa deside aksepte migran li yo epi fòse Etazini kenbe yo.
Credit Photo: PBS
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2025