Prezidan ameriken an Donald Trump siyen yon dekrè jodi mèkredi 4 jen 2025 lan kote li entèdi migran plizyè peyi antre sou sòl ameriken an. Sitwayen Ayisyen, kiben, venezwelyen tout anba entèdiksyon sa a. Men pou sa ki gade migran Ayisyen epi 11 lòt peyi an Afrik la yo met entèdiksyon total sou yo pou yo pa antre Etazini.
Depi premye jou li yo Trump te mande administrasyon l lan pou te met kontwòl sou peyi verifikasyon yo pa t sifi a, se sa jounal Miami Herald eksplike. Se pou sa, li fè konnen prezidan an mete entèdiksyon vwayaj total kont resòtisan ayisyen yo yon fason pou yo pa ka pile sòl yo a.
Mete sou sa, yo fè konprann yo ap sispann viza touris, viza afè ak etid tout imigran ak sila yo ki sòti Kiba, ak Venezwela. Men, daprè jounal ameriken an se sèlman moun ki gen rezidans ak sa ki travay nan enterè nasyonal ameriken yo ki pap konsène ak mezi sa a.
Afghanistan, Bimani,Tchad, Repiblik Kongo, Gine Ekwatoryàl, Eritre, Iran, Libi, Somali, Soudan ak Yemen se 11 lòt peyi ki tonbe anba menm entèdiksyon ak Ayiti. Pou peyi ki gen entèdiksyon vwayaj pou yon ti tan yo nou jwenn : Biwondi, Lawos, Syeraleyòn,Togo ak Timekistan.
Atik sa se pwopriyete prive © Gwoup Medya MAGHAITI 2025