Nan yon kominike pou laprès yo pibliye jodi mèkredi 23 oktòb 2024 la, plizyè estrikti k ap defann dwa moun mande pou leta aji an favè migran ayisyen k ap sòti Repiblik Dominikèn yo. Nan sans sa, yo pwopoze pou Òganizasyon Eta Ameriken (OEA), Amnesty International, Komisyon Entèamerikèn Dwa Moun (CIDH) ak enstitisyon dwa moun nan peyi sa travay ansanm yon fason pou al rann vizit nan prizon yo mete Ayisyen yo.
Gwoup Api Rapatriye ak Refijye (GARR), Platfòm Òganizasyon Ayisyèn Dwa Moun (POHDH), Platfòm Ayisyen Pledwaye pou yon Devlopman Altènatif (PAPDA), ak Asanble Pèp Karayib yo (APK/ALBA) se ansanm estrikti sa yo ki fè divès rekòmandasyon sa yo pou Leta ayisyen.
Nan kominike a men divès pwopozisyon estrikti sa yo di yo te bay Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (KPT): Fasilite Ayisyen ki vle tounen Ayiti yo fè sa nan bon kondisyon, Ranfòse aksyon diplomatik yo yon fason pou mande Sendomeng respekte dwa resòtisan ayisyen yo, mande otorite dominiken sispann detui pyès idantite Ayisyen, respekte konvansyon Vyèn ki bay leta ayisyen dwa pou vizite prizonye ayisyen yo e ba yo pyès idantite pwovizwa epi kreye yon kòperasyon diplomatik pou travay sou pwoblèm migrasyon yo.
«Devan ijans sitiyasyon imanitè ki lye ak depòtasyon pa pil pa pakèt sa yo, n ap mande leta mobilize tout resous sa mande pou akeyi resòtisan ayisyen yo nan respè ak diyite sou fwontyè a», daprè sa yo ekri nan kominike sa a. Yon lòt bò, yo mande tou pou otorite yo rezoud pwoblèm ensekirite a yon fason pou Ayisyen sispann pati e sispann pran imilyason nan men lòt peyi.
Yo fè konprann li nesesè tou pou popilasyon an lonje men pou ede migran sa yo dominiken depòte yo. Pandantan sa, yo kondane divès vyolasyon dwa otorite dominiken yo pa sispann fè sou Ayisyen.
CP: L’Express
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024