Nan okazyon jounen entènasyonal eliminasyon vyolans sou tout fòm sou fanm ak tifi yo ki selebre jodi lendi 25 novanm nan, divès estrikti k ap defann dwa fanm mande pou leta fè sa l konnen pou frennen zak vyolans medam yo pa sispann sibi nan peyi a.
Nan kominike yo sòti nan sikonstans lan, Nègès Mawon denonse otorite yo nan leta ki daprè li pa fè anyen pou sove fanm yo anba zak vyolans. Se sa ki fè, li site lanmò 4 fanm ansent ki pa t rive jwenn swen akoz zak malonèt gang yo ki te anpeche medsen ba yo swen, epi fanm ak tifi ki kontinye ap kouri kite kay yo toujou akoz divès atak bandi yo ap fè nan plizyè katye nan peyi a.
SOFA, Save the Women, Fanm Deside se pami estrikti k ap defann dwa fanm nan sosyete a ki fè revandikasyon sa yo nan divès aktivite osnon kominike yo sòti nan okazyon sa a.
« Sòti janvye pou rive oktòb 2024, Nègès Mawon anrejistre epi pran ka 729 fanm ak tifi ki sibi vyolans. 230 ladan yo se ka vyòl nan Kafou ak Gresye », selon sa Nègès Mawon fè konnen pandan li rekonèt jounen jodi a dwa moun an jeneral vin pi pa respekte nan sosyete ayisyen an.
Pou sa ki gade fanm ak tifi ki deplase yo, li soulinye nan mwa jiyè a se te 300 000 ki te kite lakay yo. Se moun ki malgre yo nan kan, ki toujou pa epanye puiske yo toujou ap sibi vyolans, se yon bagay òganis sa denonse puiske li di leta pa pran okenn mezi pou konbat gang yo yon fason pou pwoteje lavi moun yo.
Yo denonse tou plent kèk viktim te depoze nan tribinal ki jouskounye a pa gen okenn aksyon ki fèt akoz aparèy jistis la pa an fonksyon depi lontan. Anplis sa, yo mete aksan sou leta ki meprize prezans fanm yo jan sa te dwe ye a keseswa nan gouvènman an, nan Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (KPT), nan Komisyon refòm penal la, Komisyon verite jistis ak reparasyon an epi Konsèy elektoral pwovizwa a.
Pandan yo fè konnen li lè li tan pou gouvènman an ak lajistis nan bò fanm yo yo deklare tou : «Nègès Mawon raple angajman l nan lit pou liberasyon fanm ak tifi nan tout fòm vyolans yo epi egzije gouvènman tranzisyon an fè bon jan aksyon pou vyolans sa yo sispann prese prese ».
N ap soulinye nan okazyon an, Premye minis Alix Didier Fils-Aimé pa kite jou a pase konsa. Se pou sa, nan yon mesaj li pibliye sou kont X li li pwomèt gouvènman li an ap fè sa k posib pou konbat pwoblèm sa a, paske li di li kwè se ansanm Ayisyen ap ka bati yon Ayiti ak tout diyite nan sekirite epi nan egalite sèks yo.
Atik sa se pwopriyete prive © Gwoup Medya MAGHAITI 2024