Nan yon atik jounal Listen Diario pibliye nan lanwit mèkredi 15 janvye 2025 la, li fè konnen Direksyon Jeneral Migrasyon(DGM) anrejistre 6 779 moun ki deside retounen an Ayiti pou ane 2025 lan. Yo presize genyen tou yo te arete nan zòn fwontyè a kote yo voye yo tounen epi remèt yo bay otorite ayisyèn yo.
Yon lòt kote, jounal sa rapòte jiska prezan nan ane 2025 lan, otorite dominikèn yo voye tounen 14 633 Ayisyen ki ilegal nan peyi yo. Yon chif daprè detay yo, ki depase 975 moun pa jou. E yo soulinye kantite moun sa yo tounen se nan sèlman 101 operasyon entèdiksyon ki te deplwaye sou teritwa yo a.
Direksyon migrasyon nan yon kominike pou laprès, mansyone genyen 7 854 pami moun yo te voye tounen Ayiti yo ki te byen trete nan sant kontwòl yo te kanpe nan Haina Santiago ak Dajabón. Poutan, pou jistifye seri depòtasyon y ap fè yo, li fè konnen operasyon kontwòl imigrasyon yo fèt an akò ak dispozisyon Lwa 285-04 ak pwotokòl nasyonal ak estanda entènasyonal ki garanti respè dwa moun ak diyite moun ki retounen yo.
Li presize tou se yon operasyon ki fèt nan tèt kole ak manm Lame, marin Repiblik Dominikèn, Polis Nasyonal elatriye. Malgre yo defann tèt yo, sa pa anpeche sitiyasyon Ayisyen nan Repiblik Dominikèn pa janm chanje vre.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2025