Depatman Sekirite Enteryè (DHS) lanse jodi lendi 10 mas 2024 la yon aplikasyon pou pèmèt imigran ki ilegal yo depòte pwòp tèt. Aplikasyon sa ki rele CPB Home, lanse yon fason pou moun sa yo k ap viv ilegal Etazini pa tonbe anba arestasyon otorite imigrasyon ameriken yo epi fini ak rèv pou yo vin nan peyi sa a.
Daprè enfòmasyon DHS pataje, CBP Home genyen yon karakteristik kote etranje ki ilegal Etazini ka depòte pwòp tèt yo pandan pwosesis depòtasyon adminisyon Trump ap mennen an. Nan detay li bay yo, li fè konnen moun ki ilegal yo dwe itilize aplikasyon sa pou soumèt entansyon yo genyen pou yo kite peyi a.
«Depòte pwòp tèt ou se opsyon ki pi an sekirite pou etranje ilegal pandan y ap konsève resous ki fè respekte lalwa. Non sèlman li pi an sekirite, men tou li ekonomize dola kontribyab Ameriken yo ak resous valab Ladwàn ak Pwoteksyon Fwontyè (CBP) ak Imigrasyon ak Ranfòsman Ladwàn (ICE) ki ka konsantre sou etranje kriminèl danjere», se sa Depatman Sekirite Enteryè di.
DHS pote prezisyon sou fonksyonalite ki pou fè moun yo depòte tèt yo a. Daprè sa l di, li se yon pati nan yon pi gwo kanpay piblisite domestik ak entènasyonal 200 milyon dola ki ankouraje etranje ilegal pou yo rete deyò epi kite kounye a.
Pi lwen, li soulinye pou l di tout aplikasyon CBP One yo pral otomatikman chanje pou tounen CBP Home. Pandan l pwofite anonse nouvo aplikasyon an disponib gratis nan magazen aplikasyon mobil yo.
Sekretè sekirite enteryè a, Kristi Noem reyaji sou aplikasyon sa DHS lanse jounen lendi a. Pou li, administrasyon Biden nan te itilize aplikasyon CBP One nan pou pèmèt plis pase yon milyon etranje antre Ozetazini ilegalman.
«Avèk lansman aplikasyon CBP Home nan n ap retabli entegrite sistèm imigrasyon nou an», se konsa madanm nan te kontinye.
DSH eksplike si yo fè sa y ap ka toujou gen opòtinite pou yo retounen nan peyi a legalman pi devan epi pou yo viv rèv Ameriken an. Men li avèti tout migran san papye yo si yo pa fè sa konsa yo menm otorite yo ap jwenn yo, ap depòte yo epi yo pap janm ka tounen Etazini.
Atik sa se pwopriyete prive © Gwoup Medya MAGHAITI 2025