Nan yon nòt byen louvri ak laprès Lendi 1e Dawout la, Awobaz Digital Tech Solutions, Haïti Broadcasting ak Netalkole Media pwomèt yon dokimantè ki rele “Dezespwa“, yon dokimantè k ap fèt sou sitiyasyon difisil Ayiti ap konnen yo, yon fason pou rapwoche n ak listwa nou.
“Dezespwa se yon fason pou n rakonte tout move moman pèp Ayisyen ap konnen nan dènyè tan sa yo. Kidonk, travay sa se yon fason pou n motive moun yo, konekte yo avèk listwa epi raple yo kote nou sòti, kote nou ye ak kisa ki ka fèt pou nou sòti nan eta kritik nou te la epi nan enpas difisil sa”, se sa 3 estrikti sa yo revele.
Yo enfòme dokimantè ki rele Dezespwa ap disponib byento sou platfòm Streaming Amazon Prime, YouTube ak Banbile TV.
“Anplis, rete branche pandan n ap kontinye suiv Dezespwa sou tout rezo sosyal sa yo : Facebook, Tik Tok, Twitter epi Instagram nan lide pou n ka okouran jan pwojè a ap evolye”, se sa ki ekri nan nòt la.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2022