Detay sou konkou mizik “Suiv tras Christopher Laroche” la

Pou fete 10 lane egzistans li, Gwoup Medya MAGHAITI deside òganize yon gwo konkou mizik ki rele: “SUIV TRAS CHRISTOPHER LAROCHE” nan lide pou onore atis la pou tout sa li reyalize nan sektè mizikal la.

Demach ou pral itilize pou w patisipe nan konkou an:

1. Sèvi ak refren mizik “Sove peyi mwen”, san ou pa itilize vwa atis la. Anplis, mete pwòp pawòl pa w nan vès yo, epi ou gen libète pou w chwazi bit pa w ak nan tandans ki fè w plezi (konpa, rasinn, rabòday, rap elatriye). Oubyen ou ka chwazi bit konkou a ofri gratis la sou lyen an: Bit sove peyi mwen gratis. Yon atis ka deside patisipe poukont li, li ka kolabore ak plizyè lòt atis epi gwoup mizik yo gen menm posibilite a. Mizik la pa dwe dire plis pase 4 minit ak 50 segond. Epi fòk w ap viv an peyi Dayiti pou w ka patisipe paske konkou a egzije pou ou deplase pou ou ka pèfòme.

 

2. Fè yon videyo fòma Youtube (1280 * 720), kote w ap entèprete mizik lan, videyo a pa oblije pwofesyonèl ou ka fè l nan telefòn ou epi pou w jwenn fòma YouTube la, w ap vire telefòn nan konsa:

 

4. Voye videyo a + mizik la (fòma MP3)  sou imel sa: info@maghaiti.net. Kò mesaj la dwe genyen non konplè patisipan an ak 2 nimewo telefòn, atis la dwe prezante tèt li nan 15 liy maksimòm. Ou ka voye videyo sou Telegram sou nimewo: +509 4658 7203 oubyen itilize sit entènèt: https://wetransfer.com/ 

5. Ekip Mag Haiti a ap chwazi 10 patisipan pami foul la pou yo antre nan konpetisyon, n ap baze sou fon tėks yo ak melodi senpleman. Kandida yo ap gen pou vini entèprete mizik yo nan estidyo nou ki sou Delmas 75, pèfòmans sa yo ap pibliye sou chanèl Youtube Alolakay TV pou pwosesis vòt piblik la pandan yon mwa edmi.

6. Pou komemore 10yèm anivèsè MAG HAITI nan yon gwo seremoni 26 novanm k ap vini an, kandida yo pral gen pou pèfòme yon dènye fwa devan yon piblik ak yon jiri k ap genyen anpil gwo moun nan sektè kitirèl la. Vèdik jiri a pral konte sou 70%, evalyasyon an pral panche sou tout pèfòmans kandida yo, prezans sou se’n epi fon tèks yo. Vòt piblik la, ki fèt ak kantite opinyon sou Youtube, kòmantè ak Layk pral gen pou konte tou kòm 30% nòt final la.

Dat limit pou voye dosye kandidati ou se 15 oktòb 2022.

3 chanpyon yo pral gen chans pou fè yon mizik ak atis Christopher Laroche (Freedom) epi yo pral gen chans benefisye 2 an pwomosyon nan Mag Haiti ak Alolakay TV.

Rekonpans: chanpyon konpetisyon sa a pral genyen 300 000 goud, dezyèm 200 000 goud ak twazyèm lan 150 000 goud. Twa (3) ganyan yo pral gen posiblite pou yo pwodui yon chante ansanm epi an kolaborasyon avèk Christopher Laroche. 10 finalis yo pral benefisye de (2) lane pwomosyon sou rezo Gwoup Medya MAGHAITI.

 

Men sa ki di nan refren mizik “Sove peyi mwen” an:

Sove peyi mwen
Bondye w konnen nou soti lwen
Veye fanmi mwen
San yo m pa tap janm ka anyen no no no
Wa sove peyi mwen
Nou pap kite l menm jan demen
Chanje grangou tounen vant plen
Nou pap kite l menm jan demen
Menm jan demen (6x)
Woo

Skip to toolbar