Nan yon kominike pou laprès yo pibliye jodi jedi 12 jen 2025 lan, Depatmant Sekirite Enteryè (DHS) anonse yo mete yon bout ak pwogram imanitè pawòl la. Se poutèt sa, yo tou konseye moun ki te antre Etazini gras ak pwogram sa a pou yo tou kòmanse depòte tèt yo depi kounye a. Pou pi fasil yo fè konnen yo ap ede yo fè vwayaj la epi ba yo 1000 dola vèt lè yo rive nan peyi yo.
« Depatman Sekirite Enteryè kòmanse voye jodi a avi ki koupe pwogram sa a bay etranje kiben, ayisyen, nikaragweyen ak venezwelyen ki te vin Etazini gras ak pwogram liberasyon kondisyonèl sa ki te fèt sou Biden nan », daprè sa nou li nan kominike sa a.
Daprè detay ki bay yo, moun sa yo ap otomatikman pèdi otorizasyon travay yo tou. Nan sans sa a, yo fè konprann mesaj sa a pral jwenn benefisyè yo sou adrès email yo te bay avan sa a.
Pandantan sa a, otorite amerikèn yo pwofite konseye ansyen benefisyè sa yo pou yo kòmanse depòte tèt yo pou ale nan peyi yo. Yo soulinye yo ap ka fè sa atravè aplikasyon CBP Home nan. Pou kapab fasilite yo pi byen, DHS mansyone moun sa yo ap benefisye yon èd vwayaj ak 1000 dola vèt lè yo rive nan peyi yo.
Fòk nou di, nan menm kominike sa a sekretè adjwen enstitisyon an, Tricia McLaughlin pa mete dlo nan bouch li pou kritike administrasyon Biden nan. Paske selon li menm, ansyen prezidan ameriken an te bay Amerik la gwo manti puiske li te otorize plis pase yon demi milyon etranjè antre lakay yo epi aprèsa t ap tante bay Repibliken yo pote chay sou krim ki fèt aprè desizyon li a. Selon responsab la, mete yon bout ak pwogram sa a ap pèmèt bon jan politik la retounen tabli kò li ankò, anplis pral gen sekirite piblik.
N ap raple, Lakou siprèm Etazini te gentan bay administrasyon Trump lan dwa, depi vandredi 30 me 2025 lan, pou te revoke tanporèman estati legal tout moun ki te antre sou pwogram Humanitarian Parole la. Desizyon sa a vle di gouvènman ameriken an jan li te kòmanse batay la ap gen dwa pou depòte 532 000 migran kiben, Ayisyen, Nikaragweyen ak Venezwelyen ki te antre nan peyi sa a sou pwogram nan.
Atik sa se pwopriyete prive © Gwoup Medya MAGHAITI 2025