Ansyen senatè Nenel Cassy ak ansyen depite Alfredo Antoine gen avi rechèch dèyè yo akoz yo ta nan konfyolo ak gang. Se pòt pawòl adjwen Polis Nasyonal Ayiti a (PNH), Lionel Lazarre ki anonse sa jodi madi 18 fevriye 2025 lan nan yon konferans pou laprès.
Nan yon premye tan, mesye Lazarre di lapolis repwoche ansyen palmantè Nenel Cassy pou konplisite l nan zak ansasinay ak asosiyasyon malfektè. Epi yo akize l kòm moun ki konn bay gwoup gang lajan ak fè konplo kont sekirite leta a. Yon lòt kote, li fè konnen ansyen depite Alfredo Antoine li menm tou akize kòm moun ki ta finanse òganizasyon kriminèl, fè konplo kont leta epi nan asosiyasyon malfektè.
Daprè sa l di, avi sa yo Direksyon Santral Polis Jidisyè a (DCPJ) mete dèyè 2 ansyen palmantè sa yo vini aprè divès arestasyon lapolis la fè nan jou yo. Selon sa li revele, PNH la jwenn moun sa yo gen koneksyon ak gang epi patisipe nan simen latroublay nan divès kote anndan peyi a. Lionel Lazarre presize, yo jwenn mesye Antoine ta gen men l tranpe nan sa k ap pase nan komin Kenskòf la.
Nan yon lòt tan, pòt pawòl adjwen PNH la soulinye gen yon total 16 endividi ki gen avi rechèch dèyè yo. Se pou sa, li mande ak manm popilasyon an pou ede lapolis nan jwenn moun sa yo paske avi yo ap pibliye sou tout platfòm lapolis la. An menm tan, li eksplike gen yon pakèt otorite ak ansyen palmantè ki gen men yo tranpe tout longè nan pwoblèm sekirite peyi an ap konnen jounen jodi a.
Lionel Lazarre ki kwè Polis Nasyonal la ka batay kont sa ki gen nan peyi a estime gen konplisite anpil aktè ladan l. Li fè konprann pandan lapolis ap mete lòd, gen yon lòt gwoup moun menm ki mete ansanm ak gwoup gang yo, se nan sans sa li mande popilasyon an pou kolabore ak yo.
Fas ak akizasyon sa yo, ansyen depite Kenskòf la, Alfredo Antoine pa t pran tan pou reyaji. Touswit aprè konferans pou laprès sa, ansyen palmantè a deklare sou paj Fesbouk li li se yon sitwayen konsekan. Pi lwen, li fè konnen li deja nan wout pou l al rann li nan DCPJ.
«Mwen se yon sitwayen otantik epi mwen pa gen okenn koneksyon ak bandi ame. Si, nan denonse kriminèl yo, lapolis eseye fè m parèt kòm konplis yo, li dwe konnen pandan tout vi m mwen te yon konbatan», se sa ansyen depite a ekri.
Atik sa se pwopriyete prive © Gwoup Medya MAGHAITI 2025