Upgrade
Mag Haiti
ADVERTISEMENT
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
Mag Haiti
No Result
View All Result
Home Société

Daprè UNICEF, yon timoun sou 8 deplase anndan peyi a akoz vyolans gang yo

Mag Haiti by Mag Haiti
January 17, 2025
in Société
0
Daprè UNICEF, yon timoun sou 8 deplase anndan peyi a akoz vyolans gang yo

Nan yon kominike li pibliye jounen vandredi 17 janvye 2025 lan, Fon Nasyonzini pou Timoun (UNICEF) fè konnen yon timoun sou chak 8 lòt nan peyi a kouri akoz zak bandi yo.

Nan kominike sa òganizasyon entènasyonal la pibliye a, li fè konprann plis pase yon demi milyon timoun deplase an Ayiti, sa ki bay yon ogmantasyon 48% depi septanm 2024. Nou li tou nan kominike a, UNICEF soulinye kantite timoun k ap fè eksperyans deplasman entèn nan peyi a ogmante ak prèske 50% depi septanm akòz vyolans gwoup gang yo kontinye ap fè a. Sa ki bay anviwon youn sou chak 8 timoun nan peyi a.

Pi lwen, ajans onizyèn nan fè kwè daprè dènye estimasyon yo, kounye a se plis pase yon milyon moun ki deplase nan peyi a, e mwatye ladan yo se timoun ki bezwen asistans imanitè prese prese.

Selon direktris egzekitif UNICEF la, Catherine Russell, sitiyasyon an terib pou timoun an Ayiti. E lavi yo chavire plis ak vyolans sa k ap fòse plis timoun ak fanmi yo kite kay yo a. Li mansyone yon lòt kote, timoun yo nan gwo bezwen sekiritè, pwoteksyon ak aksè nan sèvis esansyèl yo. «Nou pa ka fèmen je sou sitiyasyon yo», se sa li deklare.

Nan konimike sa, UNICEF pale sou sitiyasyon kèk timoun ki antre nan bandi akoz yo pa jwenn pwoteksyon ak aksè ki pou pèmèt yo kontinye viv. Li kontinye pou l mete aksan sou twoub politik yo peyi a ap konnen pandan dènye ane sa yo ansanm ak yon anviwonman povrete ak inegalite ki fè vin gen plis gwoup gang.

Yo di tou, timoun yo reprezante 50 pousan nan gwoup ak zam yo, puiske rekritman yo nan baz gang yo pandan ane 2024 la pase jiska 70 pousan. Se sa ki fè, òganizasyon an di li konsidere rekritman ak itilizasyon timoun yo kòm yon vyolasyon grav dwa yo ak lwa entènasyonal yo.

Pou fini, òganis lan deklare timoun ak adolesan ki deplase nan peyi a gen plis chans pou yo fè vyolans. Tankou vyolans seksyèl, eksplwatasyon ak abi kote ka zak sa yo ogmante a 1 000 pandan ane ki sot pase a.

Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2025

Comments

commentaires

Nombre de vues: 379
Share on Facebook Share
Share
Share on Twitter Share
Share
Share on Google Plus Share
Share
Share on Pinterest Share
Share
Share on Linkedin Share
Share
Share on Whatsapp Share
Share
Share on Email Share
Share
Share on Viber Share
Share
Share on Sms Share
Share
Share on Messenger Share
Share
Previous Post

Yon fize eksploze nan lespas kote tout moun te ka wè tras li

Next Post

Prezidan Konsèy Prezidansyèl la relouvri Pò Senlwi a jodi vandredi a

Mag Haiti

Mag Haiti

Mag Haiti a pour mission d'informer, de distraire et de former les internautes à travers le monde. Comme tout organe de presse qui se respecte dans une démocratie, notre objectif essentiel est de fournir aux citoyens l’information exacte et fiable dont ils ont besoin pour fonctionner dans la société libre où ils vivent.

Next Post
Prezidan Konsèy Prezidansyèl la relouvri Pò Senlwi a jodi vandredi a

Prezidan Konsèy Prezidansyèl la relouvri Pò Senlwi a jodi vandredi a

Suivez-nous

youtube
follow
facebook
follow
twitter
follow
instagram
follow
soundcloud
follow
linkedin
follow

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Scandale à Miss Haïti Univers

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le béninois Axel Merryl met le compas en valeur dans le tube Lele Lala Lolo Lili

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le nom d’une première victime d’abus sexuels au Ranch de la Croix-des-Bouquets connu?

    0 shares
    Share 0 Tweet 0

Qui sommes-nous?

Mag Haiti

La société Médias MAGHAITI dont le siège social est sis à Port-au-Prince, immatriculée au registre du commerce d’Haïti au numéro 357 Reg. 103, est formée de trois (3) agences de Presse en ligne, soit Mag Haïti, Alolakay TV, T-check Haïti et de la compagnie Quiet Production.

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo?  (86,776)
  • Les dix jeunes Haïtiens les plus influents en 2018 (39,988)
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre (34,152)
  • Lapolis rive sezi 2 zam, 2 machin epi touye 4 prezime bandi nan vil Gonayiv (30,908)

Nouveaux Articles

  • ONU deklare vyolans gang yo an Ayiti reprezante gwo menas pou estabilite Karayib la
  • Komite sanksyon ONU an sanksyone gwoup gang Viv Ansanm ak Gran Grif
  • Prezidan KPT a mande Premye minis Alix Didier Fils-Aimé rapò sou plizyè dosye leta enplike ladan yo

RSS Fact Checker

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Subject:
Message:
Ajax loader
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Are you sure want to unlock this post?
Unlock left : 0
Are you sure want to cancel subscription?