Nan dènye rapò li pibliye nan dat vandredi 28 fevriye 2025 la, Rezo Nasyonal k ap Defann Dwa Moun yo (RNDDH) revele omwen 110 granmoun pèdi lavi yo nan masak bandi te fè Waf Jeremi nan dat 6 pou rive 7 desanm 2024 la.
2 mwa aprè masak sa, òganis dwa moun nan fè konnen granmoun sa yo te genyen ant 60 ak 80 lane. Li soulinye, zak sa a te fèt aprè Benson Altes ki se pitit chèf gang Micanor Altes te malad, e yon ougan te fè l kwè se granmoun lougawou nan zòn nan ki lakoz.
«Se konsa nan dat 6 desanm 2024 la, nan aprè midi, Monel Félix yo konnen tou sou non
Micanor Altes alyas Wa Micanor te fòme yon ekip espesyal nan gang li an e te ba yo misyon pou pran granmoun ki gen anpil laj yo», daprè rapò a.
Men kòman lavi moun sa yo ta pral pase mal aprè gwo akizasyon ki te sou do yo a, selon RNDDH : «Nan aswè, sou pretèks yo te dwe patisipe nan yon rankont ak chèf gang Monel Félix, yo te envite viktim yo suiv yo, epi yo te mennen yo ba li. Epi, lè yo rive kote yo te fikse a, yo tout te mouri anba bal. Aprè sa, yo te boule kò yo avan menm yo te jete yo nan lanmè a», selon eksplikasyon òganizasyon an bay.
Yo kontinye pou eksplike se nan jou ki te 7 desanm 2024 la jou lanmò Benson Altes la kòlè chèf gang Micanor ta pral vin pi plis. Se menm jou sa tou òganis lan deklare gen omwen 70 lòt moun gang yo touye ak kout kouto. Moun sa yo, bandi yo te antre al pran yo anndan lakay yo nan lokalite mache Nan Chabon.
Selon RNDDH ki site temwanyaj plizyè moun, aprè krim nan, manm gang sa te pran san ak kèk pati nan kò viktim yo pou te fè rityèl mistik. Pandantan sa, li soulinye gen plizyè sòlda nan gang Micanor a ki te mouri nan masak sa tou akoz yo t ap eseye sove lavi kèk manm fanmi yo.
Nan viktim yo nou jwenn: Jacinthe Bernard ki te genyen 76 lane. Li te papa 6 pitit e li te gen yon boutik sou katye a. Menm 6 desanm sa a, 3 bandi sou mote te debake lakay li e te mennen l bay Micanor ki te touye l. Nan menm jou a, bandi yo te al pran Marcel Cange ak Grette Dorcy lakay yo. Yo te fè moun sa yo kwè se nan reyiyon yo t ap ale ak chèf gang nan, alòske se touye yo t al touye yo.
Nan dokiman yo, anketè yo di 3 viktim sa yo, fanmi yo te pami 24 lòt ki te aksepte istwa yo a pataje atravè RNDDH. Tout 110 moun bandi yo ansasinen sòti 6 pou rive 7 desanm pase a mouri nan prèske menm kondisyon.
Yon lòt kote, mete sou masak sa a zòn sa te fin sibi a, chèf gang Micanor te fòse fanmi viktim yo ak rès abitan anndan zòn sa pou te òganize yon manifestasyon. Mouvman sa te fèt 11 desanm 2024, e li te gen objektif
pou fè kwè sila yo ki te ansasinen yo se te lougawou.
Anplis sa, bandi yo te fòse plizyè fanmi viktim yo pou rete nan zòn nan aprè krim nan, e menm ap kontwole telefòn yo. Men, RNDDH revele gen lòt moun ki te gentan chape poul yo e te al pran refij nan kan Dèlma, Lali ak Boudon.
«Bandi yo kontwole jan moun yo itilize telefòn yo ak lè yo ap deplase kite Waf Jeremi», toujou daprè presizyon òganis lan ki mansyone nan moman sa li pa t fasil ditou pou yon moun te kite Waf Jeremi. Puiske, moun yo pa t ka sòti ak anyen yon fason pou yo pa t atire atansyon bandi yo.
Crédit Photo: France 24
Atik sa se pwopriyete prive © Gwoup Medya MAGHAITI 2025