Nan diskou li fè ayè lendi 24 fevriye 2025 lan pou make 100 jou gouvènman li a nan tèt peyi a, Premye minis Alix Didier Fils-Aimé fè konnen pap gen ni referandòm ni eleksyon san sekirite pa tabli kò li nan peyi a. Se poutèt sa, li deklare administrasyon li a nan tèt kole ak fòs lòd yo pran angajman yo paske li di yo nan lagè kont gang yo.
«Jodi a sekirite se kondisyon reyisit tranzisyon an. Pa gen regresman ekonomik san sekirite, pa gen referandòm san sekirite, pap gen eleksyon san sekirite», se pawòl sa yo chèf gouvènman ayisyen an deklare nan sikonstans lan. Premye minis lan ensiste sou sekirite a kòm eleman enpòtan, ki selon li menm, kapab pèmèt popilasyon an sikile lib libè nan peyi a.
Nan prezans tout manm gouvènman li a, mesye Fils-Aimé mansyone pa gen okenn bilan pou li prezante pèp ayisyen an. Men, li fè kwè : «Okenn fòs pa ka kanpe anfas leta lè l deside fè bon itilizasyon resous li yo nan bon plas yo pou l ka bay bon rezilta». Se pou sa, li mande pou chak minis mete lòd nan dezòd epi aji ak transparans.
Alòske PM nan di gouvènman li a angaje pou pèmèt lapolis, lame, MSS ak lajistis mete gang yo nan vrè plas yo, ebyen menm ayè lendi a polisye SPNH-17 yo ak moun Solino te pran lari pou mande materyèl ak sekirite. Mesye Fils-Aimé rekonèt nou nan lagè kont gang yo, sa sa k fè li defann bidjè rektifikatif la pral panche sou bezwen sekiritè peyi a.
«Jodi a se pa yon moman pou mwen prezante yon bilan, mwen prefere kontinye travay pou n ka bay bon rezilta pèp la ap tann nan. Dayè nan sa k gen pou wè ak bilan, jou a gen pou l rive. Jou sa a se ap 7 fevriye 2026», se konsa chèf gouvènman an te mete yon bout ak lapawòl li te pran an.
Atik sa se pwopriyete prive © Gwoup Medya MAGHAITI 2025