Daprè yon rapò sekretè jeneral Òganizasyon Nasyonzini an (ONU), António Guterres voye bay konsèy sekirite ògan sa a, se prèske 5 600 moun ki mouri nan peyi a ant janvye ak desanm 2024 akoz zak bandi yo.
Nan rapò sa, li revele nan yon sèl semèn nan mitan mwa novanm 2024 la, genyen omwen 150 moun ki te pèdi lavi yo toujou akoz zak kriminèl yo. Anplis, li eksplike nan menm peryòd la, 40 000 lòt te oblije kouri kite kay yo nan kapital la pou te sove po yo anba aksyon bandi yo.
«Peryòd sa vyolans yo te vin pi plis kote te genyen afwontman ant gang ak Polis Nasyonal Ayiti a (PNH), ak sa yo rele gwoup
otodefans ak vijilans yo. Nou anrejistre yon kantite moun ki mouri ak blese grav akoz zak vyolans yo», se sa nou li nan dokiman an.
Yon lòt kote, António Guterres fè konnen chif vyolans seksyèl yo ak moun ki deplase kite kay yo vin pi plis. Li presize tout sa yo fèt aprè zak vyolans yo te fè yon kanpe ant mwa me ak mwa septanm 2024.
«Afwontman vyolan yo te pete nan mwa oktòb ak novanm. Se sa ki fè nou anrejistre omwen 150 mò nan yon sèl semèn nan mitan mwa novanm nan», se sa sekretè a di pandan l fè konnen plis pase 40 000 moun te fòse kite kay yo nan menm moman sa.
Nan detay li bay yo, sekretè jeneral Nasyonzini an di pifò moun ki mouri yo se nan moman fòs lòd yo ak bandi yo ap tire kout bal ant yo. Nan sans sa, li site Wo komisè Nasyonzini pou dwa moun nan William O’Neill pou fè konnen nan lane 2024 la, Ayiti konnen yo gwo nivo vyolans. Se sa ki fè, li di yo anrejistre 5 600 moun ki mouri ant janvye ak desanm 2024 la.
Fas ak sitiyasyon sa a, sekretè jeneral ajans entènasyonal la di pou kounye a, yo kwè kantite moun ki deplase anndan peyi a egal ak 1 000 000. Pandan gen plis pase 2 milyon lòt ki gen nesesite pou jwenn manje.
Mesye Guterres mansyone nan menm peryòd sa te genyen plizyè masak. Li site nan yon premye tan, gang Gran Grif yo ki te touye omwen 115 moun Ponsonde, nan depatman Latibonit 3 oktòb 2024 la. Yon dezyèm kote, li raple ant 6 ak 11 desanm 2024 la, chèf gang Mikanor nan Waf Jeremi te touye 207 granmoun ki te repati ant 134 gason ak 73 fanm. Moun sa yo te viktim, daprè sa l di, akoz gang nan te akize yo kòm lougawou ki te enplike nan maladi yon pitit li.
Atik sa se pwopriyete prive © Gwoup Medya MAGHAITI 2025