Nan 6yèm rapò pou 3 mwa Òganizasyon Nasyonzini an (ONU) adrese ak Konsèy Sekirite a, ajans lan fè konnen an Ayiti anpil moun k ap vann dwòg konvèti an politisyen. Yo pran chimen politik la aprè akizasyon, arestasyon osnon kondanasyon yo.
Rapò sa ki rann piblik ayè jedi 27 fevriye 2025 lan pale sou fason trafik dwòg nan peyi a genyen bon jan rapò ak Kolonbi sitou nan ane 1989 ak 1990 yo. Li fè konnen tou depi anviwon 30 lane, operasyon sa yo toujou kontinye ap fèt.
Nan dokiman sa sekretè jeneral Nasyonzini an site entèvyou ki te feti ak kèk enfòmatè ki revele wòl enpòtan yon ti gwoup moun jwe nan sa. Li soulinye tou gen akizasyon piblik ki devwale. «Gwoup sa a gen ladan l ansyen sòlda, ofisye ki fè respekte lalwa, palmantè ak antreprenè k ap fonksyone an Ayiti tankou Etazini. E plizyè ladan yo toujou aktif an 2024», daprè sa ki ekri yo.
Pou enplikasyon aktè yo nan nan zafè dwòg sa, diplomat la deklare anpil nan yo antre nan komès sa aprè diktati fanmi Duvalier e ki te lye ak lame ayisyèn nan tou.
«Aprè lame a fin kraze epi Polis Nasyonal Ayiti a (PNH) kreye, gen kèk sòlda ki enplike nan rapò sou trafik dwòg ki mete tou moun sa yo rekrite yo. Ofisyè nan Lapolis la ki nan lòt pati nan peyi a. Anpil trafikan dwòg, aprè yo fin akize, arete oswa kondane tounen politisyen yo», se sa nou li nan dokiman an. Pandantan sa, Nasyonzini di trafik dwòg la bab peyi a gen anpil rezistans menmsi gen anpil ankèt, pousuit ak kondanasyon ki te fèt.
Pi lwen, li revele anpil sit nan kapital la konn rasanble pou fòme yon rezo kriminèl trafikan sa ki gen plizyè nasyon ladan l.
San l pa site non, António Guterres deklare : «Yon otèl ki gen gwo non nan Pòtoprens la te sèvi nonsèlman kòm lokal pou pèfòmans yon ansyen prezidan ayisyen tout moun te konnen ki te mizisyen avan l eli. Men tou, li te sèvi kòm yon kote katèl dwòg kolonbyen yo, ofisyèl entènasyonal ak alye yo nan elit ayisyen an te konn fè blanchiman lajan».
Yon lòt kote, li fè konnen tou ansyen prezidan sa li pa t site non an te tonbe anba sanksyon Kanada ak Etazini tou. Sanksyon sa yo te vini poutèt li te itilize enfliyans politik li pou fasilite trafik dwòg, koripsyon ak ogmante vyolans gang yo anndan peyi a.
Anplis, li soulinye plizyè pèsonalite ki enplike nan trafik dwòg pandan plizyè ane ki sot pase yo toujou aktif an Ayiti. «Yon premye
gwoup kriminèl, yo rekonèt kòm “La Familia”, te enplike nan trafik kokayin atravè yon vòl komèsyal pandan ane 1990 yo», se sa l di pou defann deklarasyon li an.
Pou fini, rapò sa di trafik dwòg la fèt nan plizyè etap. Trafikan ki Etazini yo kòmande kokayin ak ewoyin an Kolonbi epi yo voye yo vini Ayiti atravè ti avyon ak bato pou pi rapid. E se lè sa tou li di pwodui sa yo ki antre Ayiti an kachèt yo destinasyon final yo se pou Etazini.
Atik sa se pwopriyete prive © Gwoup Medya MAGHAITI 2025