Nan yon nouvo rapò yo pibliye, Òganizasyon Entènasyonal Migrasyon (OIM) fe konnen genyen 10 867 abitan Pòs Machan ki kouri kite kay yo pou bandi. Daprè yo, 95 % nan moun sa yo al pran refij yo nan 18 kan ki genyen nan kapital la.
«Pifò moun sa yo al refijye yo nan 18 sit kote gen 4 ladan yo ki fenk fèt. 14 lòt te deja egziste avan atak gang yo vin fè kantite deplase yo vin pi plis kounye a», daprè sa òganizasyon an deklare. Lòt 5% an, OIM di genyen nan yo ki al Lali, oubyen Bwa Vèna kay yon fanmi.
Nan detay yo bay yo, responsab yo soulinye nan 10 867 refijye yo anrejistre yo, gen 2 665 ki te nan kan deja ki oblije kouri kite kote sa yo. Nan espas sa yo nou jwenn : Lekòl Nasyonal Vijini Sanpè, Fakilte Lengwistik, Ministè edikasyon, jimnazyòm Vensan ak lòt ankò. Epi genyen tou, 10 286 lòt ki fenk al viv nan kan refijye.
Pi lwen, yo fè konprann Sant Ijans Lasante (Lakou Mouzen), kolèj Sè Fransizèn ak Kay Sòwaya se 3 sit ki oblije fèmen. Sit sa yo ki twouve yo youn aprè lòt Pòs Machan, Chriswa, ak Kwadèpre fèmen akoz atak bandi yo sou zòn sou kote yo, daprè sa yo eksplike.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024