Òganizasyon Entènasyonal Migrasyon yo (OIM) revele nan sèlman 2 semèn se 25 000 moun ki deplase anndan peyi a. Moun sa yo se moun ki kouri kite kay yo akoz vyolans gang yo.
«25 000 moun te deplase nan 2 semèn sèlman nan zòn metwopolitèn Pòtoprens lan», se sa nou li piblikasyon òganizasyon an fè sou kont X li jodi mèkredi 5 mas 2025 lan. An menm tan, yo tou pwofite konfye dout ak laperèz yo genyen, puiske yo estime sitiyasyon pèp ayisyen an mande yon repons mondyàl.
Menmsi ajans entènasyonal la pa pote presizyon sou ki kote moun yo kouri a, men fòk nou di vyolans gang yo fè nan plizyè zòn nan kapital la, pandan semèn pase a, te lakoz anpil moun efektivman kouri kite kay yo.
Moun sa yo te sitou sòti Dèlma 17, 19, ak Dèlma 30. Yo te oblije al refijye yo sou plas piblik. Akoz deplasman moun sa yo, OIM estime genyen ijans pou rezoud pwoblèm grangou ki gen an Ayiti a.
N ap raple, dènye chif OIM yo te revele gen plis pase 12 000 moun ki kouri kite kay yo nan Pòtoprens lan. Moun sa yo te kouri akoz atak gang yo te fè ant 14 ak 25 fevriye pase a. Pifò nan viktim sa yo te al pran refij yo kay fanmi ak nan 31 kan refijye, pami yo 27 ki te deja egziste.
Crédit Photo: UN News
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2025