Nan yon atik jounal la pibliye aprèmidi vandredi 24 janvye 2025 lan, li fè konnen otorite meksikèn yo pa aksepte ayè jedi 23 janvye 2025 lan, yon vòl depòtasyon imigran yo ki sòti nan peyi Etazini.
Daprè sa l di, gouvènman meksiken an kritike mezi imigrasyon inilateral prezidan Donald Trump lan. Li fè konnen tou debakman an t ap bezwen èd Meksik.
Medya a eksplike pou l di peyi Meksik te refize yon avyon militè ameriken aksè nan teritwa a. Li site 2 ofisyèl defans ameriken pou l di sa ki sitou parèt yon antrav pou yon ti tan pou plan administrasyon Trump lan pou mete imigran deyò nan peyi a.
Pou fini, NBC news fè konnen nan jedi swa 2 Air Force C-17 te pran direksyon Gwatemala e chak te pote anviwon 80 moun. Li soulinye tou twazyèm vòl lan ki te planifye pou Meksik lan pa janm dekole akoz otorite yo pa dakò siyen.
Credit Photo: Fox News
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2025